Ayiti (1998-2025) : Omwen 19 memwa lisans ak yon tèz doktora ekri ak soutni an
Kreyòl ayisyen – Kisa n ka aprann nan eksperyans sa yo ?
— Par Robert Berrouët-Oriol —
Article paru en Haïti le 22 février 2026 sur AlterPresse.
Yo voye atik sa a pou AlterPresse 20 fevriye 2026
Ekritè : Kenny Thelusma ak Endara Elmano JOSEPH
Rezime
Atik sa a analize chwa lang nan pwodiksyon syantifik an Ayiti, sou baz entèvyou ak chèchè tankou doktè Ary Régis ak doktè Renauld Govain. Pwoblèm santral la se dominasyon franse nan sistèm inivèsitè a, malgre kreyòl la se lang majorite pèp la pale. Travay rechèch sila poze yon kesyon santral : kisa ki pouse etidyan ak pwofesè pwodui oswa akonpaye travay syantifik an kreyòl nan yon espas kote privilèj estriktirèl bay preferans defakto ak lang franse a ? Atik la montre motivasyon sa yo mare ak istwa pèsonèl, angajman sosyal ak vizyon pou yon inivèsite ki pi enklizif. Li mete anfaz sou tansyon ant lejitimite akademik ak responsablite sosyal aktè k ap reflechi e pwodui nan espas desizyon yo.

— Par Robert Berrouët-Oriol(*) —