… istwa li, metòd li, leksik ak diksyonè li chapante, wòl yo lan amenajman lenguistik ann Ayiti
— Par Robert Berrouët-Oriol (*) —
KEPKAA
Komite entènasyonal pou pwomosyon kreyòl ak alfabétisasyon
SELEBRASYON MWA LANG AK KILTI KREYÒL, OKTÒB 2025
Onè respè pou Pradel Pompilus,
pyonye leksikografi kreyòl ann Ayiti,
otè premye « Lexique créole-français » (Université de Paris, 1958).
Onè respè pou Pierre Vernet,
fondatè Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta d Ayiti,
premye lengwis ki plede pou kreyòl ak fransè mache ansanm.
Onè respè pou André Vilaire Chery,
otè « Dictionnaire de l’évolution du vocabulaire français en Haïti »
(tòm 1 ak tòm 2, Edisyon Édutex, 2000 ak 2002).
Onè respè pou Albert Valdman, depi plis pase 50 lane li bay lang kreyòl la
plizyè diksyonè ki kanpe sou fondas natal metodoloji leksikografi pwofesyonèl la.
OKTÒB 2025, MWA LANG AK KILTI KREYÒL
Tit atik la : « Leksikografi kreyòl 1958-2024 : istwa li, metòd li, leksik ak diksyonè li chapante, wòl yo lan amenajman lenguistik ann Ayiti »
Ak atik sa a mwen pral fè nou voyaje andedan istwa leksikografi kreyòl la, sòti nan premye leksik Pradel Pompilus te pibliye an 1958 —« Lexique français-créole », Éditions de la Sorbonne, Paris, 1958–, jouk nou rive lan « Dictionnaire de droit du travail » avoka Philippe Volmar pibliye ann Ayiti (Éditions Charesso, Port-au-Prince, 2024) ».