— Par Jean-Bernard Bayard —
Ki Lès Ki Antò?
« Yo » se mo ke Ayisyen itilize tout tan pou yo blame kèlke swa moun lan kap vòlè, sasinen, fè magouy, manti ou latriye. Depi mwen timoun, ma pe chèche konnen kilès « Yo » ye. Jodi-a mwen deside fè yon ti gade sou bagay sa-a. Ayisyen pa pale kon tout moun, « Blan » ak « Nèg » pa gen anyen pou wè ak koulè po moun lan. « Blan » se etranje, « Nèg » se moun lakay. Gade salopwi « Blan » sa-a ak figi « nwè »li ki konprann li ka roule-m! Fè atansyon ak « Nèg » sa-a, se tèt chaje li ye. Men kelke swa « Blan » ou « Nèg » ayisyen va di-w, se « Yo » ki la kòz peyi-a nan eta sa-a! Depi yon bagay bon, Ya di-w se « Mwen » ouswa se « Nou », men si yon bagay pa bon, Ya di-w se « Yo ». « Blan » Franse, « Blan » Meriken, « Blan » Alman kèlke swa, se « Yo » kape toufe-n.

« Quand »
— Par Jean-Bernard Bayard —
« Illuminer »
« Saut-D’Eau »