Konprann sa leksikografi kreyòl la ye, kote l sòti, kote l prale, ki misyon li dwe akonpli

— Par Robert Berrouët-Oriol, lengwis-tèminològ —

Onè respè pou Pradel Pompilus,

pyonye leksikografi kreyòl ann Ayiti,

otè premye « Lexique créole-français » (Université de Paris, 1958).

Onè respè pou Pierre Vernet,

fondatè Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta d Ayiti,

premye lengwis ki plede pou kreyòl ak fransè mache ansanm

Onè respè pou André Vilaire Chery,

otè « Dictionnaire de l’évolution du vocabulaire français en Haïti »

(tòm 1 ak tòm 2, Edisyon Édutex, 2000 ak 2002).

Atik sila a, « Konprann sa leksikografi kreyòl la ye, kote l sòti, kote l prale, ki misyon li dwe akonpli », pral rive jwenn divès kalte kreyolofòn ann Ayiti osnon nan lòt peyi. Mwen ekri li pou m bay bon jan esplikasyon sou sa syans lang, kidonk lengwistik, rele « leksikografi », espesyalman « leksikografi kreyòl ». Pi fò moun k ap sèvi ak yon diksyonè osnon yon leksik pa konnen kouman leksikograf ki se espesyalis nan domèn leksikografi ekri yo, ki pwotokòl syantifik yo sètoblije swiv pou fè liv sa yo. Ann Ayiti, pi fò pwofesè lekòl osnon pwofesè kreyòl pa menm konnen gen yon aktivite syantifik ki koumanse lan peyi a depi lane 1950 yo lè Pradel Pompilus pibliye « Lexique créole-français » li a (Université de Paris, 1958). Se youn nan rezon ki fè mwen dedikase atik sa a pou 3 gran lengwis leksikograf Ayisyen : onè respè pou Pradel Pompilus, Pierre Vernet, André Vilaire Chery.

Nan atik n ap li koulye a, n ap jwenn esplikasyon sou leksikografi an jeneral. Atik sa a pote bon jan limyè sou tèm leksikografi kreyòl la, kote l sòti, kote l prale, ki misyon li dwe akonpli. Dokiman sa a rasanble yon pakèt referans (atik al liv) tout lektè ka chache jwenn pou konprann pi byen sa leksikografi kreyòl la ye. Nan atik jodi a mwen sèvi ak kèk konsèp (« concepts»), nosyon (« notion ») ak tèminoloji (« terminologie ») syans leksikografik la dèske yo se konsèp, nosyon ak tèminoloji kle pou disiplin leksikografi a. An fransè , konsèp, nosyon ak tèminoloji sa yo se : « lexicographie », « lexicographe », « lexicologie », « lexicologue », « lexicalisation », « lexicalisé », « locuteur », « terme », « étymologie », « unité lexicale », « catégorie grammaticale », « nom », « pronom », « adjectif », « verbe », « adverbe », eks. Mwen konsidere tradiksyon/adaptasyon konsèp sa yo an kreyòl po ko fin franchi divès etap jouk pou yo ta rive estandadize. Pa egzanp, nou ka jwenn konsèp ak tèminoloji an kreyòl moun itilize nan domèn elektrisite nan « Petit lexique créole haïtien utilisé dans le domaine de l’électricité » (Edisyon Cahiers du Lacito/CNRS, 1976) ki se yon leksik fransè-kreyòl. Pwofesè Henry Tourneux te reyalize travay sa a nan vil Senmak lè l t ap kolabore ak Fakilte lengwistik aplike, Inivèsite Leta dAyiti. Kidonk menm jan leksikografi kreyòl la poko ekri yon « Diksonyè jiridik kreyòl » osnon yon « Diksyonè lamedsin kreyòl », menm jan an li poko ekri yon « Diksyonè tèminoloji kreyòl » osnon yon « Diksyonè leksikografi kreyòl » ki va rasanble tout mo, tout nosyon nou ka itilize nan domèn leksikografi ak tèminoloji kreyòl.

Mo kle : « Leksikografi », « Leksikografi kreyòl », « Tèminoloji », « Diksyonè », « Leksik », « Inite leksikal »

Alapapòt m ap remèsye 2 lengwis ki pase men nan atik m ap pibliye jodi a :

–Molès Paul, responsab Laboratwa GRESKA (Gwoup rechèch sou sans nan kreyòl ayisyen), pwofesè, Fakilte lengwistik aplike, Inivèsite Leta dAyiti.

Lemète Zéphyr, pwofwsè, Fakilte lengwistik aplike ak Ekòl nòmal siperyè, Inivèsite Leta dAyiti ; li anchaj ISTI (Institut supérieur de traduction et d’interprétation).

Premye pawòl : ann voyaje andedan vokabilè syans leksikografi a

Ki sa sa vle di lè n ap pale de « Leksikografi », « Tèminoloji », « Diksyonè », « Leksik », elatriye ? Kit ou se pwofesè, elèv, tradiktè kreyòl oubyen jounalis, ou ka sèvi ak yon liv yo rele « Diksyonè » (« Dictionnaire » an fransè ), osnon ak yon « Leksik » (« Lexique » an fransè ) nenpòt ki lè. Yon « Diksyonè » osnon yon « Leksik » sòti nan sa « Lengwistik » rele « Leksikografi » (« lexicographie » an fransè). « Leksikografi » se yon disiplin syantifik nan « Lengwistik aplike » (an fransè « Linguistique appliquée »). Men definisyon lengwis Marie-Éva de Villers bay pou disiplin « Leksikografi » a : « La lexicographie est la branche de la linguistique appliquée qui a pour objet d’observer, de recueillir, de choisir et de décrire les unités lexicales d’une langue et les interactions qui s’exercent entre elles. L’objet de son étude est donc le lexique, c’est-à-dire l’ensemble des mots, des locutions en ce qui a trait à leurs formes, à leurs significations et à la façon dont ils se combinent entre eux » (Marie-Éva de Villers : « Profession lexicographe », Presses de l’Université de Montréal, 2006). TermiumPlus se non diksyonè elektwonik Biwo tradiksyon gouvènman Kanada. Men kouman li defini mo « Lexicographie » a : « Recensement et étude des mots pris dans leur forme et leur signification visant l’élaboration de dictionnaires de langue ». 

Nou pa dwe konfonn « Lexikoloji » ak « Leksikografi ». Branch lengwistik yo rele « Lexikoloji » a li etidye fonksyònman konpozant leksikal yon lang (diferan moso domèn kle lang lan), fason youn mare ak lòt, fason konpozant leksikal yo mache ak lòt domèn kle lang nan (fonoloji, sentaks, semantik, mòfoloji). « Leksikografi » a (gade definisyon Marie Éva de Villers fèk bay la), se yon disiplin nan syans lang (lengwistik), misyon li se rasanble tout « mo » (egal tout « inite leksikal »), klase yo, epi bay deskripsyon yo. « Leksikografi » a gen yon wòl, yon misyon, li mache ak metodoloji leksikograf yo itilize pou yo ekri diksyonè, leksik osnon glosè.

Wòl leksikografi a se chache konnen ki kalite mo ( « inite leksikal ») yon lang genyen, kouman lang nan rasanble mo yo epi kouman li klase yo , apre sa li bay yon definisyon pou chak mo nan yon liv ki rele diksyonè. Moun k ap fè travay sa a rele leksikograf. Yon leksikograf se yon espesyalis nan zafè lang, wòl li se etidye tout « mo » yon lang dekwa pou l klase yo epi pou l esplike sans yo. Konsa, lè l fin rasanble mo yon lang li klase yo nan yon diksyonè osinon yon leksik. Diksyonè a ka ekri nan yon sèl lang (lè sa a yo rele l « Diksyonè inileng ») ; li ka ekri nan 2 lang (lè sa a yo rele l « Diksyonè bileng »). Yon diksyonè klase mo yo jan yo mache nan lang nan, selon « kategori gramatikal » yo : « non », « pwonon », « adjektif », « vèb », « advèb »), eks. Yon diksyonè dwe bay definisyon tout mo li klase kon yon « inite leksikal » lang nan. Yon leksik pa bay definisyon mo yon lang, li se yon lis « mo » (« inite leksikal ») ki klase ann òd alfabetik ak tout etikèt yo rele « kategori gramatikal » : « non », « pwonon », « adjektif », « vèb », « advèb »), eks. Dapre tradisyon leksikografi a, nou jwenn divès kalite leksik nan divès domèn : leksik elektrisite, leksik jiridik, leksik lasante, leksik agwonomi/syans latè, leksik fè fòje, eks. Nan divès nivo yon lang osnon rejis yon lang (« niveau de langue », « registre de langue »), lokitè yo sèvi ak « mo » yo (« inite leksikal » yo) selon sa yo bezwen di. Konsa nan konvèsasyon tou lejou lokitè yo ka sèvi ak « mo » tankou « tabliye » ki se yon rad moun mete sou kò yo lè yo pral kwuit manje. Nan yon lòt nivo, lan domèn achitekti, yon « tabliye » se yon pati nan chapant yon pon (al gade definisyon « tablier » an franse : « Le tablier d’un pont est une structure porteuse qui supporte les charges du trafic routier et les transmet aux appuis ou aux éléments de suspension (suspentes ou arcs).Le tablier d’un pont peut être fait en acier ou en béton ».

Nan yon diksyonè osnon nan yon leksik, yon « mo leksikalize » egal yon « inite leksikal » (an franse : « unité lexicale ») lang nan. Men kouman Grand dictionnaire terminologique (Office québécois de la langue française) defini mo « unité lexicale » la (sinonim li se « lexie » : « Unité fonctionnelle du discours constituée d’un ou plusieurs mots, qui appartient au lexique d’une langue donnée et a un sens figé. (…) Par exemple, les mots simples (chatensoleiller), les mots composés (pomme de terre) et les expressions (petit train va loin) sont des unités lexicales. » Kidonk yon « inite leksikal », yon « mo leksikalize » sa vle di yon mo senp osnon yon mo konpoze (« chèz » / « chèz ba », « motè » / « motè avyon »), li gen yon « fonksyon », sa vle di li jwe yon wòl nan vokabilè yon lang. Gen yon sit Entènèt ki rele « FrançaisFacile.com » ; li bay yon bon definisyon sou « fonksyon »/ «wòl » inite leksikal yo : « Tout mot a non seulement une nature grammaticale (nom, verbe, pronom…), mais aussi une fonction grammaticale dans la phrase. La fonction d’un mot ou d’un groupe de mots est le rôle qu’il joue dans la phrase pour que celle-ci ait un sens. Ces mots ou groupes de mots ayant une fonction essentielle, ne peuvent être ni déplacés ni supprimés. Ils sont indispensables pour la bonne compréhension de la phrase ». Sa vle di tout « mo », tout « inite leksikal » yon lang posede « kategori mo a » (wòl gramatikal li) : non, pwonon, vèb, eksetera, ki mare ak « fonksyon gramatikal li », sa vle di wòl li jwe pou yon fraz ranpli fonksyon semantik li, pou pèmèt tout lokitè konprann sans yon fraz menm jan. (Men kèk referans sou nosyon « inite leksikal » la : al gade atik sa yo : « La notion d’ « unité lexicale » en linguistique et son usage en lexicologie », Fabienne Cusin-Berche, revue Linx, 40 | 1999 ; « La notion d’unité lexicale et l’enseignement du lexique », Carmen Lederer, The French Review (American Association of Teachers of French), vol. 43, no 1, oct. 1969 ; « Les propriétés syntaxiques de l’unité lexicale », Alan J. Ford, Meta – Journal des traducteurs / Translators’ Journal, volume 18, no 1-2, mars 1973 (Actes du deuxième colloque international de linguistique et de traduction, Montréal, 4-7 octobre 1972) ; « Didactique du lexique et problématique de l’unité lexicale : état d’une confusion », Gérard Petit (Université Paris X), 2000 ; Jean Pruvost « Lexique et vocabulaires : une dynamique d’apprentissage », revue Études de linguistique appliquée, n°116, Didier-Érudition, 1999.)

Dezyèm pawòl : leksikografi se yon syans, li gen pwòp istwa pa l

Tradisyon leksikografi a ansyen anpil, li gen plis pase 4 syèk depi li egziste. Nan tradisyon leksikografik lang fransè a, premye diksyonè inileng lan parèt an 1680, li rele « Dictionnaire français », se Pierre Richelet ki ekri li. Dezyèm nan se Antoine Furetière ki ekri li an 1690, li rele « Dictionnaire universel ». Twazyèm nan se « Dictionnaire de l’Académie française », li parèt an 1694. Se nan 19vyèm syèk la Pierre Larousse pibliye « Grand Dictionnaire universel », premye diksyonè ansiklopedik monn modèn nan. Pou premye fwa, kalite diksyonè sa a bay orijin mo yo ak sans yo, li esplike divès nosyon istwa, jewografi, anatomi, eks. Gen divèjans sou dat ak non premye diksyonè lang fransè a. Dapre plizyè espesyalis, premye diksyonè leksikografi fransè a se yon diksyonè bileng fransè -laten : « Dictionaire français-latin ». Robert Estienne, otè liv sa a, pibliye li an 1539. Lòt espesyalis di premye diksyonè a rele « Thresor de la langue françoyse, tant ancienne que moderne », Jean Nicot pibliye l an 1606.

(1) Nan tradisyon leksikografik lang fransè a, gen plizyè kalite diksyonè. Dapre Alise Lehmann ak Françoise Martin-Berthet (gade atik yo a : « Les types de dictionnaires », revue Lexicologie, 2018), gen : diksyonè monoleng, diksyonè bileng, diksyonè miltileng, diksyonè lang, diksyonè ansiklopedik (egzanp : « Petit Larousse illustré »), diksyonè kiltirèl (egzanp : « Petit Robert », « Grand Robert », « Grand Larousse de la langue française »), diksyonè jeneral, diksyonè espesyalize (dictionnaires de langue spécialisés), diksyonè ansiklopedik espesyalize, diksyonè tèminolojik (egzanp : « Juridictionnaire », « Dictionnaire de droit international public »), diksyonè pou elèv lekòl (diksyonè aprantisaj lang, egzanp : « Mon Larousse en images », « Larousse mini débutants », « Robert scolaire », « Robert junior illustré », « Petit Robert des enfants », « Robert des jeunes »), diksyonè òtograf (egzanp : « L’orthographe par la phonétique », Le Robert), diksyonè an liy (sou Entènèt), diksyonè sou CDRom. Nan tradisyon leksikografik lang fransè a, pi gwo diksyonè a rele « Dictionnaire des francophones » (DDF) ; li rasanble plis pase 480 mil mo ki sòti nan 52 peyi sou latè (Ayiti bay diksyonè sa a plizyè mo tankou « dodin », « acra », « mamba »). Tout moun ka sèvi ak « Dictionnaire des francophones » la gratis depi w gen koneksyon Entènet. (Pou prezantasyon DDF la, al gade atik « Le DDF, « Dictionnaire des francophones », un monumental répertoire lexicographique de 400 000 termes et expressions accessible gratuitement sur Internet », se Robert Berrouët-Oriol ki ekri li nan jounal Le National, Port-au-Prince, 22 mars 2021. Nou ka tande entèvyou Robert Berrouët-Oriol te bay jounalis Henry Saint-Fleur nan radyo CIBL-Montréal jou ki 31 mas 2021 an, « Le Dictionnaire des francophones : un répertoire lexicographique à découvrir .»)

Yon diplis : pou n konprann pi byen sa yo rele diksyonè elèv lekòl / diksyonè eskolè, al gade atik Jean-Claude Boulanger a : « Du côté de la petite histoire des dictionnaires scolaires modernes », nan Danielle Candel ak François Gaudin, Mont-Saint-Aignan, Université de Rouen et du Havre, 2006. Al gade lòt referans sa yo : Jean Pruvost : « Les dictionnaires d’apprentissage monolingues de la langue française (1856-1999) Problèmes et méthodes » (Les Dictionnaires de langue française. Dictionnaire d’apprentissage, dictionnaires spécialisés de la langue, dictionnaires de spécialité. Études de lexicologie, lexicographie et dictionnairique) – 4, Paris, Honoré Champion, collection « Bibliothèque de l’Institut de linguistique française », 2001 ; Jean Pruvost, « Les dictionnaires d’apprentissage du français langue maternelle : deux siècles de maturation et quelques paramètres distinctifs », Éla, Revue de didactologie des langues-culture, vocabulaires et dictionnaires en français langue maternelle et en français langue étrangère, 1999 / 116 ; Jean Pruvost, « Les dictionnaires d’apprentissage monolingues du français langue maternelle : l’histoire d’une métamorphose,
du sous-produit à l’heureux pragmatisme en passant par l’heuristique
 
», Euralex 2002 Proceedings ; Josette Rey-Debove : « Dictionnaires d’apprentissage : que dire aux enfants ? », Lexiques, Paris, Hachette, collection « Recherches et applications », 1989 ; René Lagane : « Les dictionnaires scolaires : enseignement de la langue maternelle », nan Franz Josef Hausmann, Oskar Reichmann, Herbert Emst Wiegand et Ladislav Zgusta (dir.), Dictionnaires. Encyclopédie internationale de lexicographie, II, Berlin/New York, Walter de Gruyter, 1990.)

(2) Nan tradisyon leksikografik lang kreyòl la, se pastè kongreganis ki ekri premye diksyonè kreyòl yo. Lengwis Annegret Bollée, manm fondatè « Comité international des études créoles (CIEC) » an 1976, ekri « Lexicographie créole : problèmes et perspectives », yon kokenn chenn atik, (nan Revue française de linguistique appliquée, 2005/1, vol. X). Li fè n konnen « Criolisches Wörterbuch » dapre C.G.A. Oldendorp (1767-68) 2 frè Kongregasyon Moraves yo ekri, se premye diksyonè lang kreyòl ki egziste. Li montre liv sa a se te yon diksyonè « negerhollands » (« nèg olandè yo/Hollandais ») » kidonk lang moun te pale nan Zile Vyèj jouk rive nan XXyèm syèk. Dezyèm diksyonè kreyòl la rele « Wörterbuch des Saramakkischen », se J.A. Riemer ki ekri l an 1779.  

Nan menm atik sa a, lengwis Annegret Bollée ba nou « batistè » leksikografik lang kreyòl la. Li di nou dapre Dominique Fattier (1997, 256) « L’œuvre fondatrice », premye dokiman ki kreye leksikografi lang kreyòl la rele « Manuel des habitants de Saint-Domingue », S.J. Ducœurjoly (1802), yon misyonè Jezuit ekri. Li di liv sa a se yon « Glosè », li gen 395 « antre » (egal « mo » ki klase ann òd alfabetik nan yon diksyonè) ki enpòtan anpil pou n konprann istwa vokabilè kreyòl ayisyen an. « Glosè » a yo te ekri l pou kolon fransè ki ta pral ale Sendomeng prezante divès kalite konvèsasyon fransè – kreyòl. fransè .

Ki wòl yon diksyonè osnon yon leksik nan fonksyònman yon lang, nan yon sosyete osinon nan lekòl ? Lengwis-leksikograf yo ban nou yon bon jan lide : yon diksyonè gen anpil konesans ladan l, chak « mo » se yon konesans, chak « mo » se tankou yon pòtre tankou yon fotokopi yon reyalite nan lang nan lan tèl epòk oubyen nan tèl lane. Chak « mo » nan yon diksyonè mache ak batistè li, kidonk ak etimoloji li. Dapre diksyonè Le Larousse, etimoloji se syans ki etidye orijin mo yon lang, ki chache konnen asandans ak evolisyon mo yo. Lengwis-leksikograf yo fè nou konnen yon diksyonè ka itil nan 3 domèn : nan aprantisaj yon lang, nan aprantisaj divès matyè nan lekòl (tankou jewografi, syans natirèl), nan tout aktivite kominikasyon oral osnon ekri. Se konsa jounalis, espesyalis piblisite, moun k ap ekri liv pou elèv lekòl, elèv, pwofesè, administratè, eksetera, ka sèvi ak yon diksyonè pou chache yon mo ak definisyon li.

Twazyèm pawòl : leksikografi ayisyen osnon leksikografi kreyòl se « syans mo », li gen yon istwa, li gen otè depi lane 1958

Leksikografi ayisyen se « syans mo », nan lengwistik aplike, li ranmase deskripsyon ak definisyon tout kalite mo lokitè sèvi avè yo ann Ayiti, li klase epi li bay definisyon yo. Objektif li se « konseptyalize » / « kreye lide » epi ekri diksyonè ak leksik. Leksikografi ayisyèn nan genyen plizyè nivo : (1) leksikografi inidireksyonèl / sans inik / yon sèl sans (nan yon sèl lang : egzanp : « Diksyonè òtograf kreyòl ayisyen », otè yo se Pierre Vernet ak Bryan C. Freeman (Sant Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta dAyiti, 1988). (2) Leksikografi bidireksyonèl /nan 2 sans: kreyòl-fransè, fransè-kreyòl, anglè-kreyòl, kreyòl-anglè. Egzanp : « English-Haitian Creole Bilingual Dictionnary », otè yo se Albert Valdman, Marvin D. Moody, Thomas Davies (Creole Institute, Indiana University, 2017). An jeneral, mwen sèvi ak ekspresyon « leksikografi kreyòl » lè m ap travay sou leksikografi inidireksyonèl menm jan ak leksikografi bidireksyonèl la.

Leksikografi kreyòl se yon syans, se lengwis « émérite » Pradel Pompilus ki parèt avè l ann Ayiti ak premye leksik kote li etidye lang kreyòl ayisyen an, « Lexique créole-français » (Université de Paris, 1958). Pradel Pompilus pibliye plizyè liv nan domèn « literati » ak domèn « lengwistik ». Nan domèn « literati » li ekri : « Pages de littérature haïtienne » (1951), « Manuel illustré d’histoire de la littérature haïtienne » (1961), « Histoire de la littérature haïtienne illustrée par les textes » an twa volim (1975 eks). Nan domèn « lengwistik » li ekri : « Lexique du patois créole d’Haïti », Paris : SNE, 1961 ; « La langue française en Haïti » (tèz doktora, Université de Paris, Institut des hautes études de l’Amérique latine, 1961 ; Port-au-Prince, Éditions Fardin, 1981) ; « Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haïtien », vol 1 : « Phonologie et lexique », Port-au-Prince, Éditions Caraïbes, 1973 ; vol 2 : « Morphologie et syntaxe », Port-au-Prince, Éditions Caraïbes, 1976 ; « Manuel d’initiation à l’étude du créole », Port-au-Prince, Impressions magiques, 1983 ; « Approche du français fondamental d’Haïti, le vocabulaire de la presse haïtienne contemporaine », Port-au-Prince, Faculté de Linguistique Appliquée, Université d’État d’Haïti, 1983 ; « Le problème linguistique haïtien », Port-au-Prince, Éditions Fardin, 1985.

Pa bliye : Pradel Pompilus pa janm defann lide fo mamit kòmkwa fòk nou dechouke lang fransè a ann Ayiti pou n ka amenaje lang kreyòl la. Menm jan ak lengwis Pierre Vernet, fondatè Fakilte lengwistik aplike a, Pradel Pompilus te fè pwomosyon lang kreyòl la an menm tan li t ap defann dwa tout Ayisyen pou metrize lang fransè a epi sèvi ak li kòrèkteman jan atik 5 ak atik 40 Konstitisyon 1987 la mande pou sa fèt (al gade atik mwen yo : « Partenariat créole/français – Plaidoyer pour un bilinguisme de l’équité des droits linguistiques en Haïti », site Madinin’Art, 6 novembre 2019 ; « L’aménagement simultané du créole et du français en Haïti : une perspective constitutionnelle et rassembleuse », Madinin’Art, 24 novembre 2020 ; « L’aménagement du créole en Haïti et la stigmatisation du français : le dessous des cartes », Le National, 3 mai 2022) ; « L’aménagement du créole doit-il s’accompagner de « l’éviction de la langue française en Haïti » ? », Le National, 11 mai 2022).

Kòm lengwis-tèminològ ki konekte ak eritaj leksikografi kreyòl pyonye yo kite pou nou depi 1958, an 2022, mwen reyalize yon gwo rechèch dokimantè sou tout travay ki te fèt nan domèn leksikografi kreyòl pandan 64 lane. Rezilta rechèch dokimantè sa a n ap jwenn li nan atik mwen an, « Essai de typologie de la lexicographie créole de 1958 à 2022 » (jounal Le National, 21 juillet 2022). Mwen idantifye 64 diksyonè ak 11 leksik (inileng kreyòl, fransè -kreyòl, anglè-kreyòl) epi m klase yo. Pi fò ladan yo se liv papye, de twa ladan yo aksesib nan fòma elektwonik. Divès sous fè nou konnen premye diksyonè kreyòl ayisyen an pou XXèm syèk la se Jules Faine ki te ekri li an 1936, li rele « Dictionnaire français-créole », men diksyonè sa a rive pibliye apre 38 an nan Éditions Leméac, Ottawa, an 1974. Jules Faine ekri yon lòt liv li rele « Philologie créole / Études historiques et étymologiques sur la langue créole d’Haïti » (Port-au-Prince, Imprimerie de l’État, 1936).

Men yon echantiyon leksik ak diksyonè leksikografi kreyòl la pote ba nou : leksik ak diksyonè sa yo konfòm / tonbe daplon ak metodoloji leksikografi pwofesyonèl la.

TABLO 1 / Echantiyon leksik ak diksyonè kreyòl yo ekri ak zouti fondal natal metodoloji leksikografi pwofesyonèl la

  1. Ti diksyonnè kreyòl-fransè

Henry Tourneux, Pierre Vernet et al.

1976

Éditions caraïbes

  1. Haitian Creole – English – French Dictionary (vol. I

and II)

Albert Valdman (et al)

1981

Creole Institute

Bloomington University

  1. Petit lexique créole haïtien utilisé dans le domaine de l’électricité

Henry Tourneux

1986

CNRS/

Cahiers du Lacito

  1. Diksyonè òtograf kreyòl ayisyen 

Pierre Vernet, B. C. Freeman

1988

Sant lengwistik aplike, Inivèsite Leta dAyiti

  1. Dictionnaire préliminaire des fréquences de la langue créole haïtienne 

Pierre Vernet, B. C. Freeman

1989

Sant lengwistik aplike, Inivèsite Leta dAyiti

  1. Dictionnaire inverse de la langue créole haïtienne / Diksyonè lanvè lang kreyòl ayisyen

Bryant Freeman

1989

Sant lengwistik aplike, Inivèsite Leta dAyiti

  1. Dictionnaire de l’écolier haïtien 

André Vilaire Chery et al.

1996

Hachette-Deschamps / EDITHA

  1. Dictionnaire de l’évolution du vocabulaire français en Haïti (tome 1)

André Vilaire Chery

2000

Éditions Édutex

  1. Dictionnaire de l’évolution du vocabulaire français en Haïti (tome 2)

André Vilaire Chery

2002

Éditions Édutex

  1. Haitian Creole-English Bilingual Dictionnary 

Albert Valdman

2007

Creole Institute, Indiana University

  1. English-Haitian Creole bilingual dictionary

Albert Valdman, Marvin D Moody, Thomas E Davies

2017

Indiana University Creole Institute

Pa bliye, sa enpòtan anpil : nan tablo 1 an, leksik ak diksyonè kreyòl sa yo, otè yo ekri yo ak zouti metodoloji leksikografi pwofesyonèl la, se poutèt sa yo se pwodiksyon syantifik toutbon vre. Metodoloji leksikografi pwofesyonèl la mande leksikograf yo respekte 4 gwo prensip : (1) leksik ak diksyonè kreyòl yo dwe bay bon jan esplikasyon sou pwojè editoryal ak leksikografik yo, epi yo dwe sible piblik diksyonè a ; (2) leksik ak diksyonè kreyòl yo dwe byen idantifye « kòpis referans » lan, se sa nou rele « corpus de référence », an fransè sa vle di tout kalite dokiman yo depouye/konsilte/analize anvan yo ekri diksyonè a ; (3) leksikograf la dwe elabore « nomanklati » (« nomenclature ») diksyonè a ki gen tout « mo »/« inite leksikal » yo jwenn nan « kòpis referans » lan (« corpus de référence ») ladan l ; (4) leksikograf la dwe fè « analiz leksikografik » tout « mo »/« inite leksikal » yo te chwazi nan etap preparasyon« nomanklati » diksyonè a : li dwe bay kategori gramatikal mo yo ; ekivalans mo ki sòti nan yon lang pou rive ak tradiksyon li an kreyòl (nan ka diksyonè bileng) ; definisyon mo yo, fraz-kontèks mo yo, nòt pou esplike mo yo pi byen (nan ka diksyonè bileng). Metodoloji leksikografi pwofesyonèl la se potomitan leksikografi kreyòl la : jan nou fenk esplike l la, li rasanble tout prensip yon leksikograf dwe respekte lè l ap ekri yon diksyonè osinon yon leksik. (Al gade atik sa yo mwen ekri sou metodoloji leksikografi kreyòl la : « Plaidoyer pour une lexicographie créole de haute qualité scientifique » (Le National, 15 décembre 2021), « Toute la lexicographie haïtienne doit être arrimée au socle méthodologique de la lexicographie professionnelle » (Le National, 31 décembre 2022, « Lexicographie créole : retour-synthèse sur la méthodologie d’élaboration des lexiques et des dictionnaires » (Le National, 4 avril 2023, « La lexicographie créole en Haïti : pour mieux comprendre le rôle central de la méthodologie dans l’élaboration du dictionnaire créole » (Rezonòdwès, 16 décembre 2023).

TABLO 2 / Egzanp yon ribrik leksikografik nan yon diksyonè bileng anglè-kreyòl ki respekte metodoloji leksikografi kreyòl la (referans : « Haitian Creole-English Bilingual Dictionnary » (HCEBD), Albert Valdman, Creole Institute, Indiana University, 2007, p. 559)

Mo/inite leksikal

Kategori gramatikal

Definisyon 1

Sous ak dat

pipirit

non

Kind of small bird

HCEBD 2007

Mo/inite leksikal derive osinon aparante

(1) pipirit chandel (2), pipirit chantan (3), pipirit gri (4), pipirit gwo tèt (5), pipirit rivyè (6), pipirit tèt fou (7) [Al gade : gri kou pipirit (8), sou kon pipirit (9)]

non

definisyon 2
Hispaniolan pitchary

definisyon 3 : At the crack of dawn

konteks 3 : Li kite kay li maten an o pipirit chantan / She left the house at dawn

HCEBD 2007

Rechèch dokimantasyon mwen reyalize sou leksikografi kreyòl la —« Essai de typologie de la lexicographie créole de 1958 à 2022 » (jounal Le National, 21 juillet 2022)–, montre gen plizyè diksyonè ak leksik bileng (1) ki sou mank, ki gen anpil feblès (move ekivalan kreyòl, definisyon wòwòt osinon pasyèl osnon pachiman ; (2) ki pa respekte okenn règ solid metodoloji leksikografi pwofesyonèl mwen fèk idantifye yo.

TABLO 3 / Echantiyon diksyonè ak leksik ki sou mank, ki gen anpil feblès + yon « glosè » ki pa respekte prensip kle metodoloji leksikografi pwofesyonèl la

Non liv la

Otè a

Editè a

Ane li pibliye
Diksyonè kreyòl Vilsen 

Maud Heurtelou, Féquière Vilsaint

Éduca Vision

1994 [2009]

Leksik kreyòl : egzanp devlopman kèk mo ak fraz a pati 1986 

Emmanuel Védrine

Védrine Creole Project [?]

2000

Diksyonè kreyòl karayib 

Jocelyne Trouillot

CUC Université Caraïbe 

2003 [?]

Glossary of STEM terms from the MIT – Haiti Initiative 

MIT – Haiti Initiative 

MIT – Haiti Initiative 

2017 [?]

TABLO 4 / Prensipal karakteristik leksikografik plizyè diksyonè ak leksik yo elabore san yo pa aplike prensip kle metodoloji leksikografi pwofesyonèl la

Tit liv la

Otè a

Kategori liv la

Principal karakteristik leksikografik zèv la

Diksyonè kreyòl Vilsen 

Maud Heurtelou, Féquière Vilsaint

Diksyonè inileng kreyòl ; disponib sou Entènèt sèlman Enkoyerans, ensifizans, move definisyon anpil « inite leksikal »

Leksik kreyòl : egzanp devlopman kèk mo ak fraz a pati 1986 

Emmanuel Védrine

Otè a rele l « leksik » men se yon glosè inileng kreyòl li ye. Disponib sou Entènèt Anpil « mo vedèt » (inite leksikal) se slogan yo ye, pafwa se yon moso fraz osinon yon pwovèb otè a konfonn yo tout ak yon veritab inite leksikal. Enkoyerans osinon ensifizans anpil definisyon
Diksyonè kreyòl karayib 

Jocelyne Trouillot

Diksyonè inileng kreyòl. Fòma papye Enkoyerans osinon ensifizans anpil definisyon. Anpil « mo vedèt » se pa inite leksikal yo ye, otè a konfonn non moun, non yon vil, non yon peyi ak inite leksikal lang kreyòl la
Glossary of STEM terms from the MIT – Haiti Initiative 

MIT – Haiti Initiative 

Leksik bileng anglè -kreyòl ; disponib sou Entènèt sèlman Anpil ekivalan kreyòl fantezis, pa reyèl, a-semantik, yo pa respekte règ mòfosentaksik lang kreyòl la ; anpil ekivalan kreyòl yo pa inite leksikal, pafwa se yon moso fraz yo bay nan plas inite leksikal yo ; pi fò neyolojis yo (nouvo mo yo) egziste, yo pa respekte règ mòfosentaksik lang kreyòl la

Katriyèm pawòl : pi gwo defi leksikografi kreyòl la ta dwe leve kanpe

Lè nou byen etidye tablo 2 ak tablo 3, nou konstate leksikografi kreyòl la ekri 11 travay syantifik ki konsekan sou yon total 75, sa vle di pi fò ladan yo sou mank. Youn nan pi gwo feblès leksikografi kreyòl la se « amateris » (« amateurisme »), travay machòkèt, sa vle di moun ki pa gen okenn konpetans nan domèn leksikografi ap ekri fo diksyonè ak leksik ki pa respekte okenn règ fondamantal metodoloji leksikografi pwofesyonèl la. Nan tablo 1 an, mwen idantifye 11 diksyonè ak leksik ki respekte règ fondamantal metodoloji leksikografi pwofesyonèl la : chif la piti anpil, se yon ti minorite diksyonè ak leksik, sou yon total 75 ouvraj, ki konsekan. M ap repete l : youn nan pi gwo feblès leksikografi kreyòl la chita sou « amateris » (« amateurisme ») akoz inyorans règ fondamantal metodoloji leksikografi pwofesyonèl la. Sa ba nou yon leksikografi fo mamit osnon yon leksikografi bòlèt (al gade tablo 3 a), pi gwo karakteristik li se absans respè prensip fondal natal « ekivalans leksikal » la (« l’équivalence lexicale ») ki mache ansanm ak « ekivalans nosyonèl » (l’« équivalence notionnelle »). Yonn nan pi gwo karakteristik fo leksikografi fo mamit la se lè otè yo bay yon fraz pase yo bay yon inite leksikal kòm ekivalan kreyòl. An fransè mwen rele fenomèn sa a « phraséologie d’équivalence » / « phraséologie définitionnelle » otè yo chwazi bay kòm si yo se ekivalan leksikal kreyòl. Otè fo leksikografi yo nan konfizyon nèt : yo konfonn yon « antre », yon inite leksikal, ak yon fraz.

TABLO 5 / Echantiyon diksyonè ak leksik ki bay yon fraz olye yon inite leksikal kòm ekivalan kreyòl

Tit liv la

Otè, dat liv la parèt, editè liv la

Mo anglè

« Phraséologie d’équivalence » / « phraséologie définitionnelle » yo bay kòm inite leksikal an kreyòl

English – Haitian Creole Computer Terms / Tèm Konpyoutè : Anglè – Kreyòl

Emmanuel Vedrine, Creole Editions, 2006

  1. clip art keywords

  2. shift

  3. crash, crashed

  1. mo kle pou klip sou travay ar

  2. pese bouton shift (pou bay majiskil)

  3. krach (defo kote yon pwoblèm ka koze pèt tout dokiman ki te konsève yo)

Haitian-Creole Glossary of Legal and Related Terms 

National Center for Interpretation, University of Arizona, 2018

  1. acquit 

  2. zoning ordinance 

  3. child abuse

  4. false arrest

  1. deklare moun pa koupab

  2. lwa ki regle sa ki ka fèt nan dives zòn yon vil

  3. fè timoun pase mizè ; maltrete timoun ; fè timoun abi

  4. lè yo arete yon moun pou anyen ; lè yo fèmen yon moun san rezon ; lè yo mete yon moun nan prizon san lalwa pa mande fè sa

Glossary of STEM terms from the MIT – Haiti Initiative 

MIT – Haiti Initiative [2017 ?]

  1. and replica plate on

  2. multiple regression analysis

  3. how many more matings would you like to perform ?

  4. for mating & replica plating experiments not involving tetrads

  1. epi plak pou replik sou

  2. analiz pou yon makonay regresyon

  3. konbyen kwazman ou vle reyalize ?

  4. pou esperimantasyon sou kwazman ak plak replik ki pa sèvi ak tetrad

Tablo 3, 4, 5 yo montre nou leksikografi kreyòl la dwe rezoud plizyè gwo defi : (1) jwenn bon jan fòmasyon akademik (se wòl Fakilte lengwistik aplike a, li deja lanse yon pwogram fòmasyon nan domèn nan). (2) Fòmasyon akademik la dwe debouche sou yon veritab pwofesyonalizasyon metye leksikograf la. (3) Ak resous syans lang (kidonk lengwistik) fòk nou elabore/defini/redije yon « Pwotokòl metodolojik leksikografi kreyòl » an kreyòl. (4) « Pwotokòl metodolojik leksikografi kreyòl » la dwe respekte prensip « mo prete » (an fransè : les emprunts) ak prensip « didaktizasyon lang kreyòl la » (an fransè : la « didactisation du créole»). Pou prensip « mo prete » a, nou ka pran egzanp epi adapte sa nou bezwen nan dokiman ofisyèl Office québécois de la langue française la : « Politique de l’emprunt linguistique » (Québec, janvye 2017). Pou « didaktizasyon lang kreyòl la », nou gen yon liv kolektif referans 15 espesyalis ekri, tit li se « La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti » (Robert Berrouët-Oriol et al, Éditions Zémès, Port-au-Prince, et Éditions du Cidihca, Montréal, 2021, 381 pages). Leksikografi kreyòl la dwe leve kanpe defi sa yo pou li rive nan nivo yon aktivite syantifik toutbon vre.

Misyon leksikografi kreyòl la chita sou 4 gwo prensip, kidonk : (1) kreye divès zouti leksikografik (diksyonè ak leksik) elèv lekòl, pwofesè lekòl ak tout lokitè kreyolofòn yo bezwen pou konprann definisyon mo yo ; (2) ede moun k ap ekri manyèl eskolè yo sèvi ak bon jan vokabilè lang kreyòl la ; (3) ede moun k ap ekri kourikouloum eskolè yo jwenn bon jan vokabilè lang kreyòl la ; (4) bay lang kreyòl la referans syantifik li bezwen pou li leve kanpe estandatizasyon li kòm sa dwa. (Sou estandatizasyon lang kreyòl la, al gade Albert Valdman : « Vers la standardisation du créole haïtien », Revue française de linguistique appliquée, 2005/1, vol.X ; Robert Chaudenson : « Description et graphisation : le cas des créoles français », Revue française de linguistique appliquée, 2005, vol. 10, no 1 ; Marie-Christine Hazael-Masieux : « L’écriture des créoles français au début du 3e millénaire : état de la question », Revue française de linguistique appliquée, 2005, vol. 10, no 1 ; Renauld Govain : « Le créole haïtien : de langue d’alphabétisation des adultes à langue d’enseignement », konferans, Indiana University, 11 avril 2018 ; Hugues Saint-Fort : « Éléments pour une standardisation de la langue créole haïtienne », Revue  Kréolistika, mas 2022 ; Robert Berrouët-Oriol : « Créole haïtien : plaidoyer pour un référentiel méthodologique standardisé et unique en terminologie scientifique et technique », Le National, 24 fevriye 2023.)

Monreyal, 4 avril 2024