Traductologie et didactique du créole haïtien | Pawòl liminè
— Par Robert Berrouët-Oriol (*) —
Tradiktoloji : « se disiplin oswa syans ki etidye an menm tan teyori ak pratik tradiksyon nan tout fòm li, vèbal oswa non-vèbal. Kidonk, objè tradiktoloji se tradiksyon an menm, nan tout jan li parèt. Sa ka konsène tradiksyon oral oswa ekri, tradiksyon jeneral oswa tradiksyon espesyalize. Tradiksyon, li menm, se operasyon an oswa aksyon konkrè ki fèt lè yon moun ap tradui» (sous : Univ-Setif2)
Job SILVERT — anseyan-chèchè, tradiktè, tradiktològ, pwofesè kreyòl — ekri tèz doktora li an kreyòl epi soutni li an liy nan dat 30 novanm 2025 lan, yon tèz doktora ki pote tit : « Tradiktoloji kreyòl ayisyen an kòm lang sib : etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025 ». Nan kad envitasyon li te fè mwen pou asiste prezantasyon soutnans tèz doktora li, mwen te fè l konnen apresyasyon mwen depi 1ye desanm 2025 lan, nan tèm sa yo :
-
An jeneral, diskou doktora a te solid sou plan syantifik epi li te byen estriktire, ak yon metriz wòdpòt pandan prezantasyon an;
-
Doktoran an montre li metrize sijè a an pwofondè, e li te prezante agiman li yo yon fason klè.
