Étiquette : Marie-José Alcide Saint-Lot

Esansyèl Vodou. Yon Relijyon, Yon Kilti

— by Doktè Marie-José Alcide Saint-Lot —

Description
Marie-José Alcide Saint-Lot, fèt Ayiti. Li se yon espesyalis nan Kominikasyon, Teyori ak Kritik Teyat. Li anseye pandan lontan City College Of New-York, pita, Nova University, nan Florida. Depi 1985, li angaje nan rechèch sou Vodou, tou dabò, nan kad preparasyon tèz doktora li sou Eleman Teyatral ak Dramatik Vodou Ayisyen ki demontre rapò entim ki genyen ant relijyon Vodou ak teyat. Pou reyalize travay sa a, anplis bon kou enfòmasyon li ranmase nan liv ak tout kalite lòt sous, li te pran tan etabli kontak dirèk ak Vodouyizan nan Nouyòk kote li t ap etidye. Men pi enpòtan ankò, li te al chita nan plizyè lakou ann Ayiti, nan Gonayiv, Pòtoprens, Laplenn, Kafou, Maryani, Jakmel, Jeremi, etc, pou obsève, aprann epi konprann vizyon ak pratik relijye pèp ayisyen an. Apre pòsyon rechèch sa a, Doktè Saint-Lot pase plizyè ane ann Ayiti ap brase lide sou Vodou nan televizyon, pandan li kontinye frekante milye Vodou a, anseye, reflechi, ekri sou sijè a. An 2003, Doktè Saint-Lot pibliye premye liv li: Vodou A Sacred Theatre (Vodou Teyat Sakre).

→   Lire Plus