Karayib

— par Ralph Geraldy Jasmin —

M pe ke, di ou sa……
Mwen te ka, di ou sa……
Se pawòl yon sèl bib
Tout se son karayib !
Tout zile sa yo, se yon sèl
Nou tout renmen, manje disèl
Ayisyen ak panyòl se fo jimo
Men se de men ki pou tifle gonbo
Nou tou de, abite yon sèl zile
Jou sa gate, ansanm nap plonje

Kiba, Ariba, Naso, Ayiti,
Tou pre, bwa long kenbe sa pou ki !
Sa pi rèd, si ou gen rasin ayisyen
Ou pa ka nan rasis vwazen
Sispann, kanpe sou sa !
Pa touye de fwa Madiba
Ki nèg ki gen plis cheve nan karayib ?
Repons la fasil, monchè : nèg Jamayik
Ak kòd pit sa, yo pran ayisyen pou bourik
Eske yon ti tèt kole antre nou enposib ?

Pa kole, Ayiti, se zoranj gate
Yo di : se paske l pale franse
Non ! Se paske Ayiti bay maladi
Li gen yon viris ki rele libète
Nèg nwè sa yo, se manje ranje
Pa kole, pou ou pa pran Sentlisi

Yo volè, men yo pa ka pran solèy
Yo manke sitèn, pou charye dlo lanmè
Tout karayib la se yon bèl mèvèy
Ti pikliz fè yo fè, move manyè  ?
Nou renmen manje manba
Nou renmen kwit mousa
Nou danse rege, zouk, konpa….

M pe ke di ou sa
Mwen te ka di ou sa
Se pawòl yon sèl bib
Tout, se son karayib..


Plezi Kreyòl », un coup de génie du fameux Ralph Géraldy Jasmin

Ce n’est pas une surprise pour personne que Ralph Géraldy Jasmin ait publié un recueil de poésie. C’en est peut-être une, du fait qu’il n’a pas une dizaine de ce genre sur le marché. En bon fils de la Grande-Rivière du Nord, Baby emprunte le chemin par où est passé Jules Solimes Milscent, Jean Price Mars et autre. Réservé, observateur, pointilleux dans le choix de ses mots, belle tête et à l’aise sur quasiment tous les sujets ; il détient en tout cas la carrure d’un homme de plume.
En ce mois de décembre 2019, alors que tout le monde se préparait aux activités festives, « Freda Edisyon » des Gonaïves nous a surpris avec un coup de tonnerre issu du répertoire poétique de ce jeune rivenordais. La nouvelle a eu donc l’effet d’une bombe à retardement à chaque fois qu’elle retentit aux oreilles d’un natif de la cité de Dessalines. Les mordus de la poésie jubilent face à tant de délices à déguster dans ces 138 pages. Pas moins d’une cinquantaine de poèmes et d’anciens textes musicaux les plus appréciés y sont présentés. On retrouve des titres qui déferlent leurs charmes dans tous les cœurs comme : Valè inivèsèl, Bèk atè, Manman, Kann ki fè, Alfabetizasyon, Listwa ou Okap yon samdi maten. Lang kreyòl la an penpan, li taye banda nèt ale nan liv sa. Qui que vous soyez, vous ne pouvez ne pas éprouver de la joie en lisant ces textes pittoresques.
Désormais, « Plezi kreyòl » n’est plus à Jasmin, mais entre directement dans la galerie des publications des rivenordais. Il revient donc à chacun de nous de faire la promotion de ce produit à travers le pays et pourquoi pas au monde entier. Ralph Géraldy Jasmin, À la loupe vous souhaite du succès sur toute la ligne. Que votre dextérité digitale s’accorde toujours avec les plus nobles pensées de votre cerveau.

Alkerson Joseph, A la loupe