« Istwa Ayisyen » & « Humanité Maternité Matricide »

Par Jean-Bernard Bayard

Istwa Ayisyen
Depi 1804 ayisyen ap chiré pit san rété ap pwente dwèt. Se toujou yon lòt moun ki la kòz mizè-l. Afè pouvwa an Ayiti pa gen anyen pou wè ak responsabilite, devwa, pwodiksyon, konstriksyon, lekòl ou latriye. Ayisyen pa janm apwann pale, sèl sa yo konnen se voye monte! Pawòl tout Ayisyen se levanjil, yo chak konn tout bagay, tout lòt moun pa konn anyen, ki fè donk ke verite-a si nou gade byen, ayisyen tou di-w ke yo tout sòt. Anpil Ayisyen rayi boujwa poutan plis ladan yo ta vle vin boujwa. Yo ta bezwen milyonè san yo pa travay pou sa. Pou ki sa nou bezwen al lekòl si li pap banm kòb? Tout gwo zotobre an Ayiti vin gen voum kòb nan vòlè, Tout gwo entelektwèl an Ayiti se pale anpil, ekri liv ak pwezi yo pa janm fè yon mèd pou peyi-a! Èske moun ki panse konsa pap di verite? Wi na jwenn ladan yo ki eseye fè kichòy pou Ayiti, gen ladan yo ki mouri pou la kòz, men fò nou di verité, se eksepsyon yo ye, se pa anpil ladan yo. Depi 1825, Blan ap fè nou wè dan grann-nou, fè-n manje la vach anraje, fè nou peye sa nou pa te genyen, men se sou li nap konte pou bannou kichòy. Olye politisyen nou yo travay pou remonte peyi-a, se piye yape piye ak bo bounda blan-an. Ankò, gen kèk ladan yo ki eseye, men ki sa ki rive yo? Si jodi-a Ayiti kote li ye a, èske se vrèman fòt blan oubyen se movèz mès-nou yo ki dekonstronbe-l? Na di-m, si nou gen yon ti kras nen nan figi nou!
Jean-Bernard Bayard

 

Humanité Maternité Matricide
Le colonialisme et sa civilisation a-t-il détruit l »humanité des colonisés
Une Île à trois noms subit un génocide qui furent des sauvages dégénérés
Sans âme les autochtones perdirent leur humanisme pour être comodité
La papauté fit des sauvages de l’Afrique et de l’Amérique une domesticité

Le métissage provoqué par la colonisation donne une maternité dénaturée
La haine systémique devint une haine génétique pour être deshumanisés
Ainsi la collectivité qui a vaincu les colons n’ont pas su garder la solidarité
Qui causa un matricide culturel refutant la mère originale de leur fraternité

Qui sommes nous pouvons-nous parler avec confiance de notre vraie identité
Deux drapeaux en Haïti le Bleu-Rouge et Noir-Rouge où est alors la crédibilité
Voyons couleurs Rouge autochtone Noire Africaine Bleu métis sont illustrées
Le drapeau devrait être donc Rouge-Noir-Bleu pour la maternité et l’humanité

Acceptons-nous la mère amérindienne africaine européenne ou la métissée
Notre maternité est elle caraïbéenne négresse hybride ou encore colonisée
Sommes-nous coupable d’un matricide culturel qui nous rend pervers altéré
Pourrait-on un jour avoir ce dialogue pour retrouver et nourrir la souveraineté
Jean-Bernard Bayard