Yon bilan sou obstak enstitisyonèl, ideyolojik, politik ak difikilte nan aplikasyon
— Otè : Robert Berrouët-Oriol (*) —
Note liminaire de Robert Berrouët-Oriol / Le présent article –« Amenajman lang kreyòl la an Ayiti : yon bilan sou obstak enstitisyonèl, ideyolojik, politik ak difikilte nan aplikasyon »–, est la version créole de l’article « L’aménagement du créole en Haïti : retour-synthèse sur ses obstacles institutionnels, idéologiques, politiques et instrumentaux » que nous avons publié le 18 novembre 2025 sur le site Madinin’art. À la même date, la version française d’origine a été diffusée en Haïti sur les 17 plateformes régionales du Regroupement des professeurs d’universités d’Haïti (REPUH) et sur le fil info de l’Asosyasyon pwofesè kreyòl Ayiti (APKA). La version créole de notre article a été élaborée par Job SILVERT, linguiste, traductologue, traducteur, professeur de créole et de traduction et membre du GRESKA (« Gwoup rechèch sou sans nan kreyòl ayisyen »), l’un des deux laboratoires de recherche de la Faculté de linguistique appliquée de l’Université d’État d’Haïti. Job SILVERT a soutenu en créole, le 30 novembre 2025, sa remarquable thèse de doctorat rédigée en créole et intitulée « Tradiktoloji kreyòl ayisyen an kòm lang sib : etid sou fondman teyorik travay tradiktè yo pou yon didaktik tradiksyon kreyòl ayisyen an, soti 2015 rive 2025 ». Cette thèse de doctorat paraîtra bientôt aux Éditions Zémès (Haïti) et aux Éditions du Cidihca (Canada).
Dans le courriel d’appréciation que nous avons adressé le 1er décembre 2025 à Job SILVERT, nous avons précisé que (1) dans l’ensemble le propos doctoral était rigoureux et savamment exposé ; (2) le doctorant maîtrise hautement le sujet traité et la démonstration offerte a été d’une remarquable limpidité ; (3) l’appareillage théorique et les références citées à l’appui de l’exposé doctoral étaient pertinents ; (4) l’exposé doctoral, effectué uniquement en créole, est un choix pédagogique/didactique et épistémologique fort. Ce choix est à la fois pertinent et pionnier (…) : le doctorant a démontré que le créole « didactisé » trouve ses outils de communication dans ses ressources internes et est langue des sciences et des techniques. Il est capable de formuler les concepts, les notions, les raisonnements abstraits et/ou concrets et il est en mesure de soutenir un discours argumentatif hautement structuré. Et comme toute langue naturelle il est appelé à s’enrichir sur divers registres, y compris par les emprunts et par la néologie savante ».
Nous remercions hautement Job SILVERT d’avoir élaboré la version créole de notre article : la rigueur de sa contribution traductionnelle et traductologique institue un maillage fort éclairant entre la version originelle française et la version créole. Un tel maillage est garant de l’exactitude de notre propos et de la fidélité à l’appareillage conceptuel et analytique consigné dans notre article « L’aménagement du créole en Haïti : retour-synthèse sur ses obstacles institutionnels, idéologiques, politiques et instrumentaux ». Montréal, le 1er janvier 2026.
Nan laprès ekri ak sou rezo sosyal yo, nan seremoni komemoratif tankou nan piblikasyon pou gran piblik la, se pa de vwa ki pa leve pou defann kreyòl la. Sa ka bay enpresyon Ayiti antre vre nan yon pwosesis serye pou mete kreyòl la nan plas li, ni nan lavi piblik la ni nan sistèm edikasyon nasyonal la. Men èske se pa aparans k ap twonpe ? Èske se pa gwo van ti lapli ? Lè n gade espas piblik la, èske itilizasyon kreyòl la nan medya yo, nan administrasyon leta a, nan tribinal ak nan lòt enstitisyon ofisyèl yo vrèman chita sou yon politik Leta klè, ki respekte Konstitisyon 1987 la ? Ki sa reyalite tèren an aprann nou ? Nan lekòl yo, kòman pwofesè kreyòl yo menm jan ak pwofesè k ap anseye lòt matyè dirèkteman an kreyòl yo konprann ak analize kesyon amenajman kreyòl la ? Èske pwofesè kreyòl yo gen yon bon fòmasyon inivèsitè nan didaktik kreyòl kòm lang manman pou rive bay yon ansèyman ki solid ? Èske yo gen yon manyèl estanda pou anseye kreyòl la ? Èske yo gen zouti pedagojik ak leksikografik an kreyòl nan men yo (gid pou pwofesè, gid pou elèv, diksyonè inileng kreyòl oswa bileng franse–kreyòl ? Epi, èske gen yon referansyèl klè, ki ekri an kreyòl, ki sèvi pou gide epi òganize fason yo evalye aprantisaj lekòl ki fèt an kreyòl yo ?
Nan lide pou nou pote repons ki klè sou kesyon fondamantal sa yo, nou te antre nan dyalòg ak plizyè kòlèg pwofesè, epi nou te chèche opinyon de (2) enstitisyon nasyonal : Regroupement des professeurs d’universités d’Haïti (REPUH) ak Asosyasyon pwofesè kreyòl Ayiti (APKA). Nou te mande opinyon tou yon pwofesè ki gen anpil ane esperyans, ki se direktè lekòl epi vis-prezidan Association professionnelle des écoles privées (APEP), ansanm ak opinyon yon editè manyèl lekòl ki gen karyè kòm pwofesè tou. Anfen, nou te poze yon pwofesyonèl nan domèn medya yo kesyon sou jan li wè itilizasyon kreyòl la nan espas piblik la. Konsta yo fè, ansanm ak fason entèlokitè sa yo konprann kesyon amenajman kreyòl la, nou mete yo nan yon kad analiz ki pi laj. Sou fòm yon sentèz ki ajou, kad analiz sa a fasilite nou idantifye epi soumèt yon analiz kritik sou divès obstak enstitisyonèl, ideyolojik, politik ak zouti ki kanpe an fas amenajman kreyòl la, ni nan espas piblik la ni nan sistèm edikasyon nasyonal la.
PREMYE PATI / OBSÈVASYON SOU TÈREN
1- Pwennvi Kensley Brutus, kòdonatè nasyonal Asosyasyon pwofesè kreyòl Ayiti (APKA)
« Kòm kòdonatè APKA a, mwen dakò kesyon ou ap poze la yo se kesyon ki ijan e ki mande repons pozitif kounye a menm pou chanje sitiyasyon an.
Se pa lè pou entansyon senbolik ankò : fòk gen mezi konkrè pou entegre kreyòl la kòm yon lang ansèyman tout bon, e sa menm nan nivo inivèsitè a. Sa mande klè kou dlo kokoye yon fòmasyon inivèsitè espesyalize nan didaktik kreyòl kòm lang manman, liv eskolè ki estandadize, zouti pedagojik ak leksikografik ki ekri an kreyòl, ansanm ak yon referans evalyasyon ki koyeran e ki aksesib menm jan sa fèt pou lòt lang yo di ki gen plis enpòtans sou sèn entènasyonal la.
Fòk nou admèt gen kèk pwogrè ki fèt nan nivo popilasyon an. Depi kèk tan, gen yon pi gwo konsyans lakay aktè edikatif, enstitisyonèl ak kiltirèl yo : kounye a yo wè kreyòl la kòm yon vektè estratejik pou devlopman sosyo-ekonomik Ayisyen an. Pou konprann sa, ou ka annik fè konsta sa a nan rapò sosyo-pwofesyonèl yo oswa lòt kote, nan gwo aktivite kiltirèl kote kreyòl la kenbe yon plas li pran ak anpil otorite.
Evolisyon sa a tradui yon mobilizasyon k ap ogmante nan mande resous an kreyòl, fòmasyon ki adapte ak tout yon kad nòmatif ki byen elabore.
APKA ap patisipe aktivman nan dinamik sa a. Nou mande yon kòdinasyon nasyonal ant inivèsite yo, piblikatè yo ak enstans piblik tankou AKA a pou garanti yon ansèyman kreyòl ki baze sou rigè, bon jan kalite ak ekite. Kreyòl la pa dwe yon senp lang ankò: li dwe tounen yon zouti pou estriktire edikasyon ak pwogrè ann Ayiti. »
2- Pwennvi Sadrack Ordena, sekretè jeneral Regroupement despProfesseurs d’universités d’Haïti (REPUH) — Pwoblèm amenajman kreyòl la ann Ayiti : yon kalvè anba-anba pou pwofesè ki san zouti ak nesesite pou yon amenajman pwogresif.
« Plis pase twa deseni aprè Rekonesans Konstitisyonèl li an 1987 kòm lang ofisyèl, kreyòl ayisyen an toujou gen anpil feblès sou plan enstitisyonèl nan espas lekòl ann Ayiti. Menm lè gen anpil diskou sou egalite lengwistik, politik edikatif nasyonal la po ko rive garanti kondisyon estriktirèl, syantifik ak materyèl ki nesesè pou yon veritab amenajman lengwistik (Berrouët-Oriol, 2011). Gwo kontradiksyon sa a ant nòm legal la ak pratik chak jou Lekòl ayisyen an kreye yon sitiyasyon paradoksal ak dramatik, sitou nan sal klas kote pwofesè yo oblije transmèt konesans nasyonal yo an kreyòl. An n imajine yon pwofesè ki gen responsablite bay kou literati ayisyen, istwa oswa jewografi Ayiti. Nòmalman, matyè sa yo ta dwe anseye nan lang manman elèv yo, paske sa lejitim epi li ale nan sans misyon demokratizasyon konesans lan. Men, an reyalite, pwofesè sa a ap twouve li san okenn soutyen : li pa gen manyèl an kreyòl, li pa gen diksyonè espesyalize, li pa gen leksik pou disiplin nan ni gid pedagojik. Li oblije enpwovize, tradui, reyenvante, souvan nan yon dezakò konsèptyèl ak tèmilojik kòm konsekans. Sa pa senpman yon mank resous ; se yon fòm abandon enstitisyonèl. Jan Berrouët-Oriol (2021) souliye sa, « pwofesè ayisyen an resevwa misyon pou anseye nan yon lang kote Leta po ko konstui didaktizasyon li, tèmiloloji li ni nòmalizasyon li ». Rezilta a se yon dram an silans : dram yon edikatè ki angaje, men ki pa gen zouti lengwistik ak pedagojik esansyèl pou misyon li. Konsta sa a rantre nan menm liy analiz Govain (2014) yo, ki estime entwodiksyon kreyòl la nan sistèm edikatif la, ki te kòmanse an 1979, rete enkonplè : « kreyòl la toujou ap fè fas ak yon defisi nan metodoloji ak didaktizasyon ». Se yon pwoblèm estriktirèl ak politik amenajman lengwistik, ki depase senp pwodiksyon manyèl : li angaje vizyon jeneral politik lengwistik ayisyen an ak yon kòdinasyon nan mitan aktè kle li yo. Aktè sa yo gen responsablite pou kreye kad nòmatif yo, resous tèminolojik yo ak mekanis fòmasyon kontinyèl ki nesesè pou ansèyman kreyòl kòm lang ansèyman ak lang konesans. Sepandan, jan Berrouët-Oriol (2011, 2021) ak Govain (2021) pwopoze sa, solisyon an pa ka brital ni total ; li dwe pwogresif epi fèt nan konsètasyon. Yon amenajman pwogresif kreyòl la, ki ta kòmanse ak disiplin kote kontni nasyonal la domine, tankou literati ayisyen, istwa ak jewografi Ayiti, ta pèmèt yo devlope ti kras pa ti kras zouti tèmilojik yo, metodoloji ansèyman yo ak resous didaktik ki adapte yo. Apwòch gradyèl sa a ta favorize lejitimasyon akademik kreyòl la, pandan li respekte kontrent materyèl sistèm edikatif ayisyen an. Jan Berrouët-Oriol (2021) afime sa, « amenajman lengwistik la pa ka reyisi san yon didaktizasyon planifye, yon efò tèmilojik kontinyèl ak yon fòmasyon sistemik pou pwofesè yo ». Mache-prese demach sa a depase lengwistik ; li manyen diyite konesans lan. Toutotan pwofesè ayisyen an oblije anseye nan yon lang ki gen rekonesans ofisyèl men ki pa djanm sou plan enstitisyonèl, kreyòl la ap rete yon lang « «deklare » olye li vin yon lang « amenaje ». Pwoblèm nan pa sèlman lengwistik : li sosyal, kiltirèl, politik ak etik. Avni kreyòl la ann Ayiti ap depann de kapasite enstitisyon yo pou transfòme lang vènakilè popilasyon an nan yon lang konesans ki operasyonèl tout bon vre, pa yon sèl kou, men atravè yon pwogresyon planifye, serye epi ki fèt an konsètasyon ant Leta, AKA, inivèsite yo, òganizasyon k ap travay pou pwomosyon kreyòl la ak pwofesè yo menm.
« Referans
Berrouët-Oriol, Robert (2011). L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions. Edisyon Cidihca ak Edisyon Inivèsite Leta Ayisyen an.
Berrouët-Oriol, Robert (2021). La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti. Edisyon Zémès ak Edisyon Cidihca.
Govain, Renauld (2014). L’état des lieux du créole dans les établissements scolaires en Haïti. Revue Contextes et didactiques, 4, 63-75.
Govain, Renauld (2021). Langues créoles : description, analyse, didactisation et automatisation. Presses Universitaires de la Méditerranée. »
3- Pwennvi Roody Edmé, ki fè karyè li kòm pwofesè, direktè lekòl ak vis-prezidan Association professionnelle des écoles privées (APEP).
« Kesyon nou poze la yo fondamantal. Gen yon kèk tantativ ki pran kèk kote ki pizoumwen bay rezilta nan pwodui manyèl an kreyòl ki prezante tèks otè ak kèk zouti gramatikal. Men pa gen anyen ki vrèman estandadize ki mache ak yon politik lengwistik byen defini. Pwoblèm materyèl didaktik sa a se yon gwo andikap pou abouti nan yon ansèyman kalite nan lang manman an. Se poutèt sa, yon aprantisaj serye ak respè pou lang kreyòl la mande yon fòmasyon estandadize pou anseyan yo. Li mande tou gid akonpayman, zouti pou pratike oral ak ekriti, ansanm ak aksè ak tèks literè ak syantifik ki pa toujou disponib sou tout teritwa a. Pa gen yon repètwa ki rasanble tout zouti ki disponib nan domèn sa a. Jan pwofesè Brutus swete sa, se kounya menm pou inivèsite nou yo ak lòt enstitisyon k ap travay sou kreyòl la kole zepòl, pou yo kapab garanti, nan pi bon kondisyon, youn nan dwa lengwistik fondamantal elèv ak etidyan nou yo. Sa ta yon jistis pou tout aprenan nou yo ki swaf konesans.
« Lè yo «totemize1» yon lang, yo fè li vin mwens vivan. Kreyòl la pa yon lang fèmen sou tèt li. Menm kondisyon istorik fòmasyon li ak evolisyon li te fèt atravè kontak ki te anrichisan ak lòt lang. Se nan yon politik refondasyon ansèyman nou an l ap rive pran dwa granmoun li, ann akò ak yon politik piblik serye. Sa pa ka rezilta yon senp militans ni refòm britsoukou ki depann de minis ki an fonksyon an oswa de yon pwojè yon òganis entènasyonal finanse. Se avni plizyè milyon ti Ayisyen ki menase. Sa mande yon veritab « amenajman lengwistik » ki soti bò kote yon Leta responsab, ki gen yon vizyon klè sou objektif alontèm yo. Sa yo rele « ilizyon tradisyonalis » la deja brannen, paske anpren ak chanjman se règ nan tout epòk nan lavi lang yo. Konn genyen tou ka kreyasyon gramatikal espontane ki merite tout atansyon espesyalis nou yo. An patikilye, fòk yo evite refòm britsoukou yo, ki pa abouti, san zouti pedagojik, san fòmasyon solid pou anseyan yo. Se pa paske yon moun pale yon lang trè byen ki fè li gen konpetans pou anseye li otomatikman. Jan de pratik sa yo lakoz paran yo pèdi konfyans epi li mete kominote edikatif la nan dout. Yon kowabitasyon k ap bay bon rezilta epi ki « pwogresis » ant de lang nasyonal nou yo mande yon apwòch « dekolonyal » pou franse a, ansanm ak yon « dezanchènman » pou kreyòl la, pou libere li anba tout konplèks nou yo. »
4- Pwennvi Charles Tardieu, ki fè karyè li kòm pwofesè, ansyen minis Edikasyon Nasyonal ak direktè Edisyon Zémès.
Yon otè manyèl lekòl bezwen yon akonpayman sistematik pou asire kontni yo respekte kourikoulòm ki an vigè a, si yo suiv règ gramè yon lang ki estandadize, si yo kontribye nan fòmasyon kiltirèl timoun yo, epi sitou si yo patisipe nan liberasyon mantal timoun yo fas ak chòk entèjenerasyonèl kolonyalis la kite dèyè, ki toujou ap peze sou sosyete a jounen jodi a. Manyèl lekòl an kreyòl la dwe fè pati yon veritab operasyon liberasyon kiltirèl ak mantal timoun ayisyen an.
Ansèyman nan lang manman mande pou gen plizyè egzijans : an premye, ekite lengwistik ; apre sa, reyisit lekòl ak ranfòsman kilti nasyonal la.
Mwen menm kòm editè manyèl lekòl ann Ayiti epi kòm patnè Ministè Edikasyon Nasyonal, mwen kapab temwaye sa yo :
-
Nan Ministè Edikasyon Nasyonal pa gen okenn pwosedi ni okenn direktiv pou akonpaye pwodiktè manyèl lekòl an kreyòl.
-
Ministè a te prepare tèm referans pou manyèl inik la [LIV NIK], ki te plis konsantre sou kesyon materyèl ak finansye, tankou kantite paj ki ta dwe kouvri senk (5) matyè yo, pri final liv la, ak enklizyon senk matyè obligatwa yo, san okenn validasyon serye sou kontni yo.
-
Ministè a te lanse yon pwosedi apèldòf piblik kote mwens pase nèf (9) editè lekòl te reponn. Apèldòf sa a te sanble oryante plis sou elimine kandida pase sou chèche pwodiksyon ki gen kalite. Gen editè ki te elimine paske yo te bliye mete yon sètifika nan yon anvlòp sele.
-
Apre mezi sa yo ki te vize elimine byen klè kèk editè, Ministè a te pwopoze epi negosye akò daprè volonte yo ki pa janm respekte.
-
Nou kapab temwaye, tout mannigans nan pwopozisyon sa yo te gen yon sèl objektif: fòse editè manyèl yo pase pa entèmedyè pou negosyasyon.
-
Edisyon Zémès te pwopoze Ministè a patisipe nan yon evalyasyon sou itilizasyon manyèl yo nan sal klas, men yo te refize sa sou pretèks yo te deja siyen yon akò ak yon inivèsite ayisyen.
-
Editè ki te patisipe nan pwogram sa a te gen sèlman kèk mwa pou pwodui (oswa tradui) an kreyòl kontni senk (5) matyè yo.
-
Pa t gen okenn preparasyon ni motivasyon alavans pou lekòl yo, ni bò kote direktè yo ak pwofesè yo fas ak gwo chanjman oryantasyon sa a, ki se entwodiksyon yon manyèl inik an kreyòl la. Pa t gen okenn sansiblizasyon popilasyon an, eksepte kèk piblisite ki t ap fè kwè paran yo pa t ap bezwen achte plizyè manyèl ankò. Anplis, fòk nou souliye yon pwojè kon sa kontribye nan febli “mache liv lekòl” la, ki toujou sèvi sistèm edikatif la depi lontan.
-
Finalman, li enpòtan pou nou siyale « Liv inik » yo te distribye yo te gen anpil limit nan lekòl yo. Ministè a pa gen kapasite, ni konesans, ni lojistik pou reyalize yon distribisyon kon sa : plis pase yon milyon manyèl atravè tout peyi a.
An konklizyon, nou oblije rekonèt pwojè sa a te yon gwo gaspiyaj ki pa pote okenn kontribisyon reyèl ni pou ansèyman an kreyòl, ni pou pwomosyon kreyòl la kòm yon matyè enpòtan nan sistèm edikatif la, ni menm nan imajinè ayisyen an fas ak nesesite edikasyon nan lang manman an.
5- Pwennvi Jean Euphèle Milcé, lengwis, aktè kiltirèl ak ansyen direktè piblikasyon jounal Le National
« Depi plizyè deseni, kreyatè ak moun k ap vin ak kontni yo te temwen, pafwa yo sibi, yon ranvèsman total nan pratik kominikasyon nan espas piblik la, kote moun yo konpare li, pou yon rezon oswa yon lòt, ak kominikasyon mas, yon vrè enterè pou demokrasi ayisyen an ki ap chache geri defo fondamantal li yo.
Avèk konstans pizoumwen, lang kreyòl la te akonpaye devlopman radyo ak televizyon ann Ayiti atravè piblisite kòm sèl eleman pwodiktif nan modèl ekonomik yo adopte otomatikman nan jere medya yo.
Se vre fransè a, avèk estati li kòm lang estanda pou mobilite sosyal ak sitiyasyon fòmèl, kontinye sèvi ekri nan kominikasyon akademik ak leta, kreyòl la genyen yon pati enpòtan nan kominikasyon piblik ki vize yon piblik entèn. Sepandan, franse a, avèk anpil mo savan ak tèm teknik li yo, kenbe kapasite li kòm lang entènasyonal la konprann, espesyalman moun ki pale franse.
Nan mitan ekriven literè yo, lang franse a pèdi monopòl li kòm lang rafine a. Yon fason estratejik, aktè sosyal ak politik yo te oblije pran chans lan pou yo gaye eleman kominikasyon yo an kreyòl. Laprès jeneral ayisyen an, oswa sa ki rete nan kraze li yo, finalman aksepte li nan kolòn tribin yo epi asepte bay kwonik an kreyòl.
Nan lavi chak jou, nan moman nwa oswa espwa, moun fè komès, yo jere bagay, yo akize epi defann tèt yo an kreyòl. Kon sa, menm jan nou atache, pi lwen pase entansite ikonik ak patriyotik, ak de lang nasyonal Ayiti yo, amenajman lengwistik la vin tounen yon gwo nesesite. Yon bagay ki klè. »
DEZYÈM PATI / REFLEKSYON ANALITIK
1. Yon vizyon pataje pami moun nou te fè entèvyou sou devlopman kreyòl nan ESPAS PIBLIK LA
Li enpòtan anpil pou nou remake, yon fason jeneral, gen yon konsansis nan mitan entèlokitè nou yo sou prezans kreyòl la ki vin pi plis chak jou nan espas piblik depi apeprè karant lane. Avèk yon pwennvi byen klè, Jean Euphèle Milcé mete an limyè yon « ranvèsman total nan pratik kominikasyon nan espas piblik la », kote fransè a kite plas li bay kreyòl la nan yon dinamik « yo asimile, pou yon rezon oswa yon lòt, kòm yon kominikasyon mas ». Men, nan kòmansman ak nan kè repons yo nou fè yon obsèvasyon : Ayiti po ko gen done estatistik ki sòti nan ankèt sou tèren ki vize konfigirasyon demolengwistik ak sosyolengwistik tout moun ki pale lang lan. Plizyè enstitisyon nasyonal te fè kèk etid sible men, an jeneral, etid sa yo pa bay enfòmasyon sou distribisyon ak konfigirasyon demolengwistik lokitè yo. Pa egzanp, CONATEL te pibliye nan ane 2023-2024 yon tablo estatistik ki rele « Lis estasyon radyo otorize pa Depatman jewografik nan peyi a ». Lis sa a idantifye yon total 697 estasyon radyo ki egziste ann Ayiti: 350 yo konsidere kòm « legal » epi 347 konsidere kòm « iregilye ». Nan kantite sa a, gen 124 estasyon ki emèt sèlman nan Pòtoprens. Sepandan, lis CONATEL la pa bay okenn limyè estatistik oswa analiz sou (1) karakteristik demolengwistik jeneral emisyon yo ; (2) kantite total èdtan difizyon an kreyòl ak an franse ; (3) karakteristik demolengwistik emisyon daprè jan yo ye (emisyon amizman, bilten nouvèl, piblisite, liy louvri, deba, elatriye). Epi menm jan an, lis CONATEL la pa bay okenn zouti pou mezire odyans yo daprè tip emisyon ak daprè orè yo (pa egzanp : bilten nouvèl 8è, midi, 18è, 22è). Nan yon anviwònman kon sa, li difisil pou fè yon bilan chifre ak yon analiz konplè sou jan kreyòl la penetre nan medya yo nan nivo nasyonal, menm lè espas medya a rete youn ki pi divèsifye e domèn ki pi laj kote yo fè amenajman kreyòl nan domèn piblik la. Toutfwa, nou remake sa a se yon amenajman «sou plas » epi « otomatik » pou kreyòl la, e li pa yon amenajman Leta planifye oswa yon òganizasyon prive ki gen otorizasyon planifye. Sou plan jirilengwistik, sa a se yon amenajman kreyòl ki pa gen okenn lwa oswa regleman ki kontwole li pou yo ta fikse domèn ak metòd aplikasyon li. Egzanp, yon lwa ki ta defini, an akò ak atik 5 ak 40 nan Konstitisyon 1987 la, fason kreyòl ak franse dwe itilize nan piblisite pale ak ekri. Yon lwa kon sa ta otorize itilizasyon anglè ak panyòl sèlman nan emisyon radyo ki difize nan lang sa yo, pa otreman. Lwa a ta menm jan an limite itilizasyon anglè ak panyòl nan piblikasyon ekri ki nan lang sa yo sèlman.
Nan domèn echanj finansye fòmèl ak enstitisyonèl, pi presizeman nan gwo sektè tranzaksyon labank yo ak plizyè milye tranzaksyon langaj ki akonpaye yo, nou remake piblisite radyo yo, eksepte nan kèk ka ki pa anpil, fèt prensipalman an kreyòl. Nan nivo ekriti, enfòmasyon an pafwa ekri an kreyòl men an jeneral li toujou an franse. Egzanp, sit entènèt Unibank lan montre sou paj dakèy li kèk eslogan-dirèktif an franse, pandan kèk fraz an kreyòl tankou: « UNIBANK pote pou ou – UNIBANK Tchat – Aksè a kont ou sou WhatsApp » / Tcheke balans kont ou – Transfere lajan – Mete minit sou telefòn ou – Peman sou kont mobil – *Fè *5559# pou w aktive l ». Piblisite inidireksyonèl sa a afiche kèk enonse « Plis opsyon ! Plis fasilite ! Transfere oswa resevwa Natcash sou kont Unibank ou ». NÒT– Piblisite sa a sèvi ak mo ki soti ann anglè ak franse nan vokabilè kreyòl la tankou « tchat », « aksè », « kont », « active », « opsyon », « fasilite », « transfere », « Natcash ». Aktivite newolojik sa a ki reponn ak bezwen kominikasyon mas la ka pèmèt nan lavni kreye yon « Vokabilè anglè-franse-kreyòl pou bank ak lajan » pou mete l nan yon dimansyon estanda. Nan obsèvasyon sou tèren, li difisil pou fè yon bilan chifre ak analiz konplè sou jan kreyòl la itilize nan sektè bankè a sou nivo nasyonal, menm lè sektè bankè a se yon domèn laj pou amenajman lang kreyòl nan zafè finansye : bank yo gen enterè epi yo travay pou atire yon kliyantèl ki plis pale kreyòl kòm lang manman. Sa ki poze pwoblèm nan nivo enstitisyonèl la se pa yon vizyon « patriyotik » oswa «idantitè » kreyòl, men pito yon melanj enterè ekonomik ak konpetisyon byen rèd nan mitan bank yo. Nou remake amenajman sa a fèt « sou plas » san okenn referans pou itilizasyon kreyòl la, e li pa yon amenajman Leta planifye oswa, pa egzanp, APB (Asosyasyon Pwofesyonèl Bank yo) planifye. Nan nivo ekriti, sit wèb Unibank pa ko gen ribrik operasyonèl an kreyòl, yo sèlman ekri yo an franse tankou « Nos comptes», « Nos cartes de crédit », « Nos prêts », « Nos placements », « Nos assurances ». Sou sit wèb APB ki ekri sèlman an franse, yo esplike misyon APB ki se pou « fè pwomosyon sektè bankè a pou li kontribye nan kreye kondisyon pou devlopman ekonomik dirab » ak « asire yon anviwònman legal ak regilasyon ki favorab pou devlopman sektè finansye a nan yon konpetisyon ki an sante ». Misyon APB pa gen okenn aspè lengwistik, epi okenn kote yo pa mete yon kad regilasyon pou amenajman kreyòl nan enstitisyon finansye peyi a, ki sèvi yon kliyantèl ki plis pale kreyòl.
Mank done estatistik ak analiz konplè sou itilizasyon kreyòl nan espas piblik la gen efè reyèl malgre li difisil pou mezire yo kounye a, sou baz konesans anpirik sou itilizasyon lang pa kategori sosyal, sèks, domèn ak distribisyon jewografik nan peyi a. Egzanp, Ayiti po ko gen zouti pou mezire ak analize lang ki itilize nan divès kalte tribinal nan peyi a, menm lè tribinal yo se yon kote ki gen anpil aktivite langaj, nan 185 Tribinal lapè menm jan pou Tribinal premye enstans nan 18 jiridiksyon peyi a. Nan espas sa a, lang chak jou itilizatè yo, ki se lang manman yo, kreyòl la, ap mache ak pawòl legal yo ki an franse, ki kodifye nan tèks lwa ekri yo (kòd travay, kòd kriminèl, elatriye). Amenajman kreyòl la nan tribinal yo fèt « sou plas » epi « otomatik » san yon plan Leta oswa yon òganizasyon prive ki otorize l. An jeneral, se avoka yo ki « amenaje » kreyòl la sou plan oral lè yo sèvi kòm entèprèt ak tradiktè pou transfòme pawòl legal ki kodifye an franse ekri yo nan yon diskou oral pizoumwen « didaktize » pou kliyan kreyòl la konprann. Nan sistèm aplikasyon lwa ayisyen an, sa se yon amenajman kreyòl ki pa gen yon lwa oswa regleman ki regle li.
An rezime, nan sa ki gen pou wè ak obstak enstitisyonèl ak zouti pou amenajman kreyòl nan espas piblik la, gen yon gwo mank nan zouti estatistik ak analiz demolengwistik, sosyolengwistik ak jiridik. Sa vle di Ayiti manke yon seri zouti analiz-evalyasyon ki ta pèmèt li gen yon konesans solid sou sitiyasyon amenajman kreyòl la nan espas piblik la. Ayiti bezwen yon seri zouti analiz-evalyasyon ki nesesè pou fòmile yon politik Leta sou itilizasyon de lang ofisyèl yo nan espas piblik. Politik sa a ta dwe ekri byen klè nan pwochen deklarasyon politik lengwistik Leta ayisyen an, ann akò ak « Preyanbil » ak atik 5 ak 40 nan Konstitisyon 1987 la. Nòt — Gade atik nou yo « La Constitution de 1987 est au fondement du « Bilinguisme de l’équité des droits linguistiques » en Haïti » (Médiapart, Pari, 24 avril 2023 ; « Droits linguistiques et droits humains fondamentaux en Haïti : une même perspective historique » (Le National, Pòtoprens, 11 oktòb 2017) ; nou kapab gade liv nou tou « Plaidoyer pour les droits linguistiques en Haïti / Pledwaye pou dwa lengwistik ann Ayiti » (Edisyon Cidihca ak Edisyon Zémès, 2018).
NÒT — Konsènan bilengwis Leta a, l ap itil pou nou revize pwennvi Roody Edmé a nan yon tèks ki byen klè ki soti an 2022. Pwofesè nan karyè li ak editoryalis ki gen yon gwo odyans nan edikasyon ak medya ann Ayiti, Roody Edmé envite nou reflechi ansanm sou bilengwis ayisyen an kon sa: « Si nou pale refondasyon peyi sa a, nou pa ka evite yon dispozitif lejislatif ki garanti oto-detèminasyon ak pwoteksyon lang tout Ayisyen pale a, pandan n ap konsève plas istorik franse a. Bilengwis nou an se yon richès pou nou ta dwe kiltive tankou tè a, pwòp tankou anviwònman nou, epi mete l nan sèvis jèn Ayisyen kòm yon zouti edikatif ak pou pwodiksyon richès » (atik la rele « Bilinguisme haïtien : sortir de la zone grise », AlterPresse, 13 fevriye 2022).
Li ta vrèman itil pou nou ta mete kanpe nan lavni yon enstitisyon Leta ki rele yon « Obsèvatwa sou itilizasyon piblik de lang ofisyèl Ayiti yo ». Kreye yon òganis kon sa ta kapab fèt atravè yon rezo kolaborasyon ant Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta Ayiti ak Enstiti Estatistik Ayisyen an. Gen anpil obsèvatwa lengwistik atravè monn nan ki gen manda espesifik. Pa egzanp, Obsèvatwa Entènasyonal Dwa Lengwistik te kreye « pou fè Inivèsite Moncton [Kanada] tounen sant rechèch ak piblikasyon espesyalize sou dwa lengwistik nan Kanada ak nan lemonn (…) ».
Dimansyon konstitisyonèl ak politik nan amenajman kreyòl NAN ESPAS PIBLIK LA.
Nan domèn piblik la, espesyalman nan sa ki konsène Pouvwa Egzekitif la kote tout pouvwa regalyen yo dwe egzèse daprè Konstitisyon 1987 la, dimansyon politik la se yon dimansyon ki enpòtan anpil e li prezan nan tout nivo nan estrikti sosyal la. Lè nou pale de « dimansyon politik », nou vle di tout relasyon ki soti nan domèn politik la epi ki mare ak fason yon eta oswa yon sosyete prezante tèt li epi dirije tèt li. Nan sans sa a, sans mo « politik » la gen ladan l tou nati ak fason pou egzekite pouvwa a.
Plizyè etid montre Leta ayisyen an se yon Leta delenkan, yon Leta ki pa respekte lalwa, paske depi 1987 l ap vyole atik 40 nan Konstitisyon 1987 la chak jou. Atik sa a gen ladan li yon DWA ak yon OBLIGASYON: « SEKSYON 1: DWA POU ENFÒMASYON » — « Atik 40 – Leta gen obligasyon pou li bay piblik la enfòmasyon nan lang kreyòl ak franse nan tout mwayen kominikasyon tankou radyo, laprès ekri, ak televizyon sou lwa, arète, dekrè, akò entènasyonal, trete, konvansyon, epi sou tout sa ki gen rapò ak lavi nasyonal la, eksepte enfòmasyon ki konsène sekirite nasyonal ». Leta delenkan sa a, Leta ki vyole lalwa a, pa aplike atik 40 nan Chat fondamantal nou an, kidonk li vyole dwa tout sitwayen ayisyen k ap pale kreyòl oubyen k ap pale tou de lang yo, ki egal devan lalwa a. Nan domèn enstitisyonèl e konsènan amenajman kreyòl la nan espas piblik la, vyolasyon sa a pi grav toujou paske atik 5 nan Konstitisyon 1987 la deklare kreyòl kòm lang ki ini tout Ayisyen. Epi nan yon lòt bò, akoz yo pa aplike atik 40 nan Chat fondamantal la fè l plis fasil pou franse domine nan enstitisyon yo epi kite kreyòl la minorize epi envizib nan enstitisyon yo. Sa se youn nan gwo blokaj estriktirèl ki anpeche yo rezoud pwoblèm lengwistik ann Ayiti, ni nan peyi a ni nan sistèm edikasyon an.
Atik 40 nan Konstitisyon 1987 la, ki kontinye atik 5 ki fè kreyòl ak franse de lang ofisyèl nan patrimwàn lengwistik istorik nou an, dwe sèvi baz pou mete chita politik lengwistik Leta ayisyen an epi pou aplike li. Tankou nou te deja di li, atik sa a chita sou DWA ansanm ak OBLIGASYON san li pa mete lang kreyòl ak franse nan yon nivo pi wo pase lòt nan estati ofisyèl yo. Atik 40 la pa « mete barikad » kont lang kreyòl la, li pa anprizonye li, li pa izole li tankou nan yon gwo tou wòch. Li pa fè kreyòl vin yon lang « totemize » — yon lang ki baze sou santiman vanjans ak lachas — jan kèk kreyolis fondamantalis ak « Tonton-makout » kreyòl bay tèt yo « misyon » ki pa konstitisyonèl pou egzile franse nan peyi a… Nou pral retounen sou pwen sa a.
Anvan nou prezante lòt aspè politik ak konstitisyonèl sou amenajman kreyòl ann Ayiti, nou dwe note menm nosyon Leta ayisyen an fè anpil pale. Atik 1 nan Konstitisyon 1987 la di klè: « Ayiti se yon Repiblik, endivizib, souvren (granmoun), endepandan, koperatif, lib, demokratik ak sosyal ». Plizyè lòt atik nan Chat fondamantal la konfime sa, tankou atik ki defini konfigirasyon repiblik la (kapital, souvrènte nasyonal, senbòl nasyonal, lajan nasyonal, nasyonalite, elatriye), ansanm ak dwa fondamantal sitwayen yo (libète espresyon ak asosyasyon, elatriye), pandan atik 32 a fè konnen edikasyon se yon dwa fondamantal pou tout sitwayen.
Trant lane diktati Duvalier yo te kraze fondasyon Leta ayisyen an. Malgre lit sitwayen ki te fèt anvan ak apre 1986 yo, malgre vòt majorite pou Konstitisyon 1987 la, konstriksyon Leta de dwa ann Ayiti se toujou yon pwosesis konplèks e ki plen obstak. Konstriksyon Leta de dwa ann Ayiti toujou soufri anpil akoz plizyè faktè sosyo-politik, pami yo gwo chay akoz yo pa janm fini ak pwosesis dedivalyerizasyon peyi a nan tout nivo estrikti sosyal la. Kèk chèchè di Leta ayisyen an pa egziste ankò, li menm sispann egziste akòz kriz politik repete e akoz li pèdi anpil nan pouvwa regalyen li te genyen. Leta sa a ki « sispann egziste » sa a kontinye reprann fonksyon regalyen li yo — li ranmase taks, li bay paspò, li regle sistèm bankè a atravè Bank Repiblik d Ayiti — men kounye a li pa kontwole tout tèritwa nasyonal la e li pa gen monopòl sou fòs piblik la (« vyolans lejitim Leta a »). NÒT – Konsènan fòs piblik la, monopòl vyolans fizik lejitim nan (Max Weber) ak relasyon ant lòd ak libète a, gade « La « force publique ». Une étude de droit public » (tèz doktora Alexandre Dupont, École de droit, Dijon, Inivèsite Bougogne Ewòp, 2023). Gen kèk otè ki pale de «balkanizasyon » Leta a, Leta kòm yon pouvwa, oswa ki itilize tèm Leta patrimonyal la, Leta rantye oswa rantis2. Gen lòt ki rele li Leta mafya, nako-leta, kote pouvwa Leta a vin yon pouvwa kriminèl/gang, tankou katèl politik-mafya PHTK a ki te nan pouvwa pandan dènye 12 lane yo. Nòt – Pou plis bagay sou Leta tankou karakteristik li ak kriz li yo ann Ayiti, sou ekstansyon Leta oswa sou lè Leta sispann egziste, gade Jean-Marie Théodat (Inivèsite Pari 1 Panteyon-Sòbòn), « Haïti, la fin d’un État », revue Conflits, 18 me 2024. Gade tou Jean Fritzner Étienne (2025), « Crise de la politique et crises politiques en Haïti (1986- 2024) » nan Actes des journées d’étude « Failles haïtiennes » soti 16 rive 17 novanm 2023 nan Sciences Po Bordeaux. Gade Catherine Coutard « État et société civile en Haïti » Karthala, Pari, 2005, epi tou Sauveur Pierre Etienne, « L’énigme haïtienne », Edisyon C3 Éditions, Pòtoprens, 2014. Gade Colette Lespinasse, « Haïti : la question de l’État toujours au centre des luttes » (Cetri, 4 desanm 2017). Pou sa ki gen pou wè ak kriminalizasyon/gangsterizasyon Leta ayisyen, gade Jhon Picard Byron, enseyan-chèchè nan Inivèsite Leta Ayiti » : « Haïti : comment sortir de la terreur criminelle et aveugle instaurée par les “bandits légaux” ? », AlterPresse, 29 dawout 2022). Gade tou Frédéric Thomas, « Haïti, État des gangs dans un pays sans État » (CETRI, 7 jiyè 2022).
Michel Hector ak Laënnec Hurbon te dirije epi ekri yon gwo liv kolektif sou « Jenèz Leta ayisyen » (Edisyon C3 Éditions, Pòtoprens, 2024). Nan entwodiksyon liv sa a, yo pale de « Nouvo refleksyon sou nati Leta » a kote yo site plizyè etid ki eseye esplike tranzisyon dire plis pase 20 lane pou demokrasi ann Ayiti, ak divès non Leta resevwa daprè pèspektiv chak otè: Leta fèb (Corten, 1989), Leta Divalye oswa Leta kont nasyon an (Trouillot, 1986), Leta predatè (Lundahl, 1992), Leta kont peyizan (Barthélemy, 1989), Leta newopatrimonyal (Étienne, 2007). Se Leta sa a menm, yo dekri l epi yo analize l sou plizyè fòm, yo mande pou l pran responsablite li pou òganize ak devlope kreyòl la ansanm ak franse a, ak menm estati konstitisyonèl ak fransè a…
Nan atik sa a nou te montre divès obstak enstitisyonèl ak zouti ki anpeche devlopman kreyòl nan espas piblik la. Nou sonje tou, menm nosyon Leta ayisyen an fè anpil diskisyon. Epi n ap ajoute sitiyasyon politik aktyèl Ayiti a: « Peyi a plonje nan yon kriz politik ak sekirite ki ra anpil, ak yon Leta ki nan yon etap dekonpozisyon fonksyonèl, kote rezo kriminèl kaptire gouvènans lan. Vyolans san kanpe, ensekirite jeneralize, ak kaptaj Leta nan enterè prive, sitou kriminèl, mete gwo defi devan gouvènans ak estabilite rejyonal la. » (Gade Jean-Marie Théodat (Inivèsite Pari 1 Panteyon-Sòbòn), « Haïti, la fin d’un État », revue Conflits, 18 me 2024). Se Leta sa a menm, yo dekri l epi yo analize l sou plizyè fòm, yo mande pou l pran responsablite li pou òganize ak devlope kreyòl la ansanm ak franse a, ak menm estati konstitisyonèl ak fransè a…
Kidonk, li lojik pou nou poze kesyon si yon Leta ki nan « dekonpozisyon fonksyonèl », ki rele nako-Leta, Leta ki echwe, Leta ki sispann egziste, Leta kriminèl/gangstè, kapab lejitimman chita nan yon tab refleksyon kòm yon aktè prensipal pou amenajman de lang ofisyèl yo. Kesyon an kapab poze kon sa: Èske amenajman lengwistik, daprè baz konstitisyonèl li yo (atik 5 ak 40 nan Konstitisyon 1987) la, ka fèt e aplike ak yon Leta ki nan « dekonpozisyon fonksyonèl » ? Èske refleksyon ak aplikasyon amenajman konstitisyonèl pou de lang nan patrimwàn lengwistik istorik nou an, kreyòl ak franse, kapab fèt ak yon Leta ki pa respekte Konstitisyon 1987 la, ni dwa lengwistik tout moun? Eske nou dwe rete tann pou Leta de dwa fèt ann Ayiti anvan nou leve kanpe pou amenajman konstitisyonèl lang ofisyèl yo?
Daprè analiz nan atik nou an « Droits linguistiques et droits humains fondamentaux en Haïti : une même perspective historique » (Le National, Pòtoprens, 11 oktòb 2017), li nesesè pou nou sonje vizyon nou genyen pou amenajman konstitisyonèl kreyòl ak franse ann Ayiti, vizyon ki mare ak dwa lengwistik tout moun k ap pale lang yo ann Ayiti.
Jan nou te presize nan plizyè tèks ak nan liv nou « Plaidoyer pour les droits linguistiques en Haïti / Pledwaye pou dwa lengwistik ann Ayiti » (Edisyon Cidihca ak Edisyon Zémès, 2018), nosyon « dwa lengwistik » se yon bagay relativman nouvo nan peyizaj lengwistik ayisyen an. Li fè yon lyen ant pwoblèm lengwistik peyi a ak konsèp tankou «patrimwàn lengwistik bileng », « dwa pou lang », « dwa pou lang matènèl » kreyòl la, « ekite nan dwa lengwistik », « parite nan estati konstitisyonèl ant de lang ofisyèl yo », « didaktik konvèjan kreyòl-franse », « didaktizasyon kreyòl », « politik lengwistik Leta », ak « lejislasyon lengwistik ki gen fòs obligatwa ». Se daprè vizyon sa a nou te lanse nan avril 2017 « Plaidoyer pou kreye yon Sekretarya Leta pou dwa lengwistik ann Ayiti » daprè sa nou te deklare nan plizyè atik ak nan liv nou « L’aménagement linguistique en Haïti : enjeux, défis et propositions » (Edisyon Inivèsite Leta Ayiti ak Edisyon Cidihca, 2011 ; Cidihca France re-edite li an 2023).
Vizyon nou an klè: li ta yon ilizyon e li pa t ap bon pou tann eta de dwa fèt ann Ayiti pou lanse gwo travay amenajman konstitisyonèl de lang ofisyèl yo. Lè Leta pa gen lidèchip nan domèn amenajman lengwistik, se vizyon konstitisyonèl amenajman lengwistik la ki dwe vin yon priyorite nan òganizasyon dwa moun ayisyen yo. Nou konte anviwon trant òganizasyon tankou Plateforme des organisations haïtiennes des droits humains (POHDH), Centre oecuménique des droits humains (CEDH), Groupe d’appui aux rapatriés et réfugiés (GARR), Commission épiscopale nationale justice et paix (CE-JILAP), Kay fanm, elatriye. Pou konstriksyon Leta de dwa apre diktati Duvalier a, òganizasyon sa yo fè yon seri travay enpòtan nan kondisyon difisil, yo pale dwa chak jou epi yo fè yon batay sitwayen premye plan: batay sa a fèt nan lang matènèl moun yo, kreyòl. Gen yon relasyon istorik ak lengwistik ant « dwa lengwistik » ak dwa sitwayen yo. Egzèsis ak efikasite dwa fondamantal moun ann Ayiti, menm lè yo egzèse sou yon kontinyòm sosyopolitik ak ekonomik epi nan domèn yo rele « Dwa » a, yo jwenn non yo ni anvan ni apre atravè lang lan ak pa mwayen lang lan — an premye pozisyon nan lang manman an, kreyòl — malgre lwa regalyèn nou yo ekri sèlman an franse depi plizyè syèk. Sa mennen nou dirèkteman nan pwoblèm nesesite pou pwodiksyon/tradiksyon/adaptasyon tout lwa peyi a an kreyòl (gade atik jiris Alain Guillaume : « L’expression créole du droit: une voie pour la réduction de la fracture juridique en Haïti », Revue française de linguistique appliquée, 2011/1 (Vol. XVI ; gade tou atik pa nou ki pibliye an Ayiti, « Partenariat créole/français – Plaidoyer pour un bilinguisme de l’équité des droits linguistiques en Haïti », Le National, 7 novanm 2019 ; « L’aménagement simultané du créole et du français en Haïti, une perspective constitutionnelle et rassembleuse », Le National, 24 novanm 2020).
2. Vizyon pataje nan mitan entèlokitè yo sou kesyon amenajman kreyòl nan SISTÈM EDIKATIF PEYI A.
Li enpòtan anpil lè nou jwenn senk entèlokitè nou yo te esprime menm vizyon sou amenajman kreyòl la nan sistèm edikatif nasyonal la. An jeneral, obsèvasyon yo egzat, yo aliyen ak reyalite, yo esprime enkyetid pedagojik ak didaktik ki byen fonde epi yo bay yon vizyon ki kòrèk sou jan pou òganize kreyòl nan lekòl ayisyen yo.
Kensley Brutus, kòdonatè nasyonal Asosyasyon Pwofesè Kreyòl Ayiti (APKA), fè yon deklarasyon klè e fò sou vizyon sa a: « Se pa lè pou entansyon senbolik ankò : fòk gen mezi konkrè pou entegre kreyòl la kòm yon lang ansèyman tout bon, e sa menm nan nivo inivèsitè a. Sa mande klè kou dlo kokoye yon fòmasyon inivèsitè espesyalize nan didaktik kreyòl kòm lang manman, liv eskolè ki estandadize, zouti pedagojik ak leksikografik ki ekri an kreyòl, ansanm ak yon referans evalyasyon ki koyeran e ki aksesib menm jan sa fèt pou lòt lang yo di ki gen plis enpòtans sou sèn entènasyonal la ».
Pou li menm, an rapò ak ti kantite zouti pedagojik ki genyen nan lang kreyòl, Charles Tardieu, direktè Éditions Zémès ki pibliye liv lekòl, raple nou « Yon otè liv lekòl bezwen yon sipò sistematik pou asire kontni yo konfòme ak kourikoulòm aktyèl la, respekte règ gramè yon lang ki estandadize, patisipe nan fòmasyon kiltirèl timoun yo, e sitou kontribye nan liberasyon mantal kont trajedi entèjenerasyonèl ki soti nan kolonizasyon ki toujou ap manifeste jodi a. Liv lekòl an kreyòl dwe patisipe nan yon operasyon liberasyon kiltirèl ak mantal pou timoun ayisyen an. »
Roody Edmé bò kote pa li, ki gen karyè pwofesè, direktè lekòl e vis-prezidan Association professionnelle des écoles privées (APEP), presize ak tout fòs li « Gen kèk tantativ pizoumwen reyisi pou liv lekòl an kreyòl ki prezante tèks otè ak kèk zouti gramè, men pa gen anyen ki estandadize ki koresponn ak yon politik lengwistik byen defini. Pwoblèm zouti didaktik sa a se yon gwo baryè pou yon bon ansèyman lang manman an. Yon aprantisaj serye e ki respekte kreyòl mande fòmasyon estandadize pou pwofesè yo. »
Kidonk, yo idantifye epi esplike gwo obstak enstitisyonèl ki anpeche amenajman kreyòl nan sistèm edikatif nasyonal ayisyen an. Dyagnostik klè entèlokitè nou yo sou sektè lekòl la se menm bagay ak sa nou te idantifye nan kòmansman atik sa a konsènan amenajman kreyòl nan espas piblik la, ki se dominasyon franse nan domèn enstitisyonèl ak minorizasyon kreyòl la nan enstitisyon yo ak fason li envizib atravè enstitisyon yo. Konsta sa yo lye dirèkteman ak inegzistans yon POLITIK LENGWISTIK EDİKATİF ki soti nan yon deklarasyon politik lengwistik Leta ann Ayiti. Nan sans sa a, sa kite move gou pou 46 lane apre refòm Bernard an 1979 la, leta ayisyen po ko adopte yon politik lengwistik edikatif : nan nivo enstitisyonèl, sa (1) alimante epi konsolide prensipal pwen malgouvènans nan sistèm edikatif nasyonal la, (2) kontribye nan ogmante kantite feblès lekòl yo, (3) lakoz pwofesè yo san fòmasyon adekwa nan didaktik kreyòl kòm lang manman, (4) alimante epi konsolide popilis lengwistik la nan plizyè dimansyon li (n ap retounen sou sa pita nan atik la).
Absans yon POLITIK LENGWISTIK EDİKATİF ki soti nan yon deklarasyon politik lengwistik Leta a reprezante premye gwo obstak enstitisyonèl pou amenajman kreyòl nan sistèm edikatif nasyonal la.
Nou remake ministè Edikasyon nasyonal la mete yon pakèt dokiman enpòtan ap dòmi, anpil « pwojè refòm », elatriye, san pèsonn pa konnen kiyès ki gen priyorite, oswa kiyès ki defini vizyon santral, aksyon ak pwogram Lekòl Ayisyen an. Nan ane lekòl 2019-2020 an, li enpòtan pou nou raple lekòl prive ak piblik te anviwon 23,347 daprè Yves Roblin, espesyalis nan planifikasyon edikasyon ak direktè jeneral aktyèl nan ministè Edikasyon nasyonal la. Yves Roblin estime plis pase 70% lekòl ki pa piblik yo pa akredite, 88% lekòl yo se enstitisyon prive e 12% se enstitisyon piblik, ak anviwon 100,000 pwofesè k ap travay nan sektè edikasyon prive ak piblik — chif yo varye ant 80,000 ak 100,000 daprè sous yo. Yves Roblin presize « Nan baz done 2015-2016 la, nou gen apeprè 4 milyon elèv, 122 mil pwofesè ak anviwon 19,505 lekòl » (gade atik « En planification de l’éducation, la carte scolaire c’est l’affaire de l’État », Yves Roblin, Rezonòdwès, 19 septanm 2020). Ministè Edikasyon Nasyonal la, nan yon dokiman 2023, estime gen 92,351 pwofesè k ap travay nan lekòl ayisyen yo (sous : « Déclaration écoles, élèves et enseignants », MENFP-USI, 2023).
Pou rapèl, men « dokiman prensipal yo », « pwojè refòm yo » ak lòt bagay ankò, ki ret estoke nan Mmnistè Edikasyon nasyonal :
-
L’aménagement linguistique en salle de classe – Rapport de recherche (MENFP/Atelye GrafoPub, Pòtoprens, 272 paj, ane 2000). Soti 2000 rive 2025, rekòmandasyon rapò rechèch remakab sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal te kòmande a, pa janm rive aplike ; yo mete l sou kote, tankou objè Edikasyon Nasyonal la bliye nan depo.
-
Cadre pour l’élaboration de la politique linguistique du MENFP / Aménagement linguistique en Préscolaire et Fondamental, Marky Jean Pierre ak Darline Cothière, mas 2016.
-
Référentiel haïtien de compétences linguistiques (Français – Créole) », Darline Cothière, fevriye 2018.
-
Cadre d’orientation curriculaire du système éducatif haitien 2024-2054 / Version officielle (MENFP/Nectar COC 2024).
-
Plan national d’éducation et de formation, Ministè Edikasyon Nasyonal, 2015.
-
Plan décennal d’éducation et de formation 2018-2028 (PDEF), ministère de l’Éducation nationale.
-
Plan opérationnel 2010-2015– Vers la refondation du système éducatif haïtien, Ministè Edikasyon Nasyonal.
Yo mansyone dokiman sa yo yon lè kon sa, nan plizyè diskou ministè Edikasyon nasyonal la, san pèsonn pa konnen kiyès ladan yo ki defini politik lengwistik edikatif Leta Ayisyen an. Yo fè referans ak refòm Bernard 1979 la, souvan sèlman kòm yon eleman dekoratif e san yon bilan konplè sou refòm sa a kote se Leta Ayisyen ki ta dwe fè li. Kon sa, SOU PLAN ENSTITISYONÈL — E NAN SA KI GEN RAPÒ AK AMENAJMAN KREYÒL NAN LEKÒL NAN PEYI A — LETA AYISYEN AN MANKE LIDÈCHIP, RIGÈ, AK VIZYON, E LI SE DEPOZITÈ YON « PANSE PEDAGOGIK-EDIKATIF » KI FÈB…
Nan atik « De l’usage du créole dans l’apprentissage scolaire en Haïti : qu’en savons-nous vraiment ? » (Le National, 11 novanm 2021), nou te montre yo po ko byen konnen itilizasyon kreyòl nan aprantisaj lekòl ann Ayiti sou plan nasyonal. Nou te pote plis presizyon sou sitiyasyon sa a, nou idantifye dokiman ki pizoumwen trete sijè a, tankou: (1) « L’école en créole : étude comparée des réformes des systèmes éducatifs en Haïti et aux Seychelles », Robert Chaudenson ak Pierre Vernet, Agence de coopération culturelle et technique, Kebèk, 1983 ; (2) « La situation linguistique en Haïti : bilan et prospective », Michel Saint-Germain, Conseil de la langue française, Kebèk, 1988 ; (3) « Problématique linguistique en Haïti et réforme éducative : quelques constats », Michel Saint-Germain (Revue des sciences de l’éducation, vol. 23, n° 3, 1997) ; (4) « Créole et enseignement primaire en Haïti », liv sou direksyon lengwis Albert Valdman avèk kolaborasyon lengwis Yves Joseph (Institut pédagogique national, Pòtoprens, ak Bloomington, Indiana University, 1980). Gen lòt dokiman ki pi resan e ki amelyore konesans nou sou itilizasyon kreyòl nan aprantisaj lekòl ann Ayiti, tankou : (5) « L’aménagement linguistique en salle de classe / Rapport de recherche » (ministè Edikasyon nasyonal, 2000) ; (6) « Le problème de l’usage scolaire d’une langue qui n’est pas parlée à la maison : le créole haïtien et la langue française dans l’enseignement haïtien », Benjamin Hebblethwaite ak Michel Weber (revue Dialogue et cultures 58 / 2012) ; (7) « L’état des lieux du créole dans les établissements scolaires en Haïti », Renauld Govain (revue Contextes et didactiques 4/2014). An reyalite, done etid sa a itilize tou nan atik Renauld Govain « Enseignement/apprentissage formel du créole à l’école en Haïti : un parcours à construire », revue Kreolistika, mas 2021; (8) « Enseignement du créole à l’école en Haïti : entre pratiques didactiques, contextes linguistiques et réalités de terrain », Renauld Govain, nan Frédéric Anciaux, Thomas Forissier ak Lambert-Félix : Gade Prudent (dir.), Contextualisations didactiques / Approches théoriques, Pari, L’Harmattan, 2013 ; (9) « Le créole haïtien dans la tourmente ? Faits probants, analyse et perspectives », Fortenel Thélusma, Éditions C3. Kontribisyon lengwis sa yo parèt nan atik nou an, « L’aménagement du créole dans l’École haïtienne : de la nécessité de dépasser la récitation des slogans miraculeux » (Potomitan, 1ye jiyè 2022).
Gen lòt kontribisyon enpòtan ki ede nou pi byen konprann amenajman kreyòl ak franse nan Lekòl Ayisyen an, tankou: « La question linguistique haïtienne : histoire, usages et description », Renauld Govain / Dokiman pòs-doktora pou « Habilitation à diriger des recherches » (HDR) nan syans langaj, Inivèsite Pari VIII, 1ye jen 2022; « Plurilinguisme, pratique du français et appropriation de connaissances en contexte universitaire en Haïti ». Tèz doktora Renauld Govain, Inivèsite Pari VIII, 2009. Nan domèn rechèch didaktik kreyòl kòm lang manman, gen yon piblikasyon enpòtan ki ede nou konprann amenajman kreyòl la: liv kolektif referans « La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti » (Robert Berrouët-Oriol (dir.) et alii, Edisyon Zémès, Pòtoprens, ak Edisyon Cidihca, Monreyal, 2021).
Pou rezime : sou plan enstitisyonèl, amenajman kreyòl nan Lekòl Ayisyen an ap fè fas ak gwo obstak: (1) pa gen okenn politik lengwistik edikatif ofisyèl Leta; (2) fòmasyon didaktik pwofesè yo limite, san fòmasyon espesyalize nan didaktik kreyòl kòm lang manman; (3) malgre efò editè manyèl yo depi plizyè ane, zouti pedagojik ak leksikografik an kreyòl (gid pwofesè ak elèv, diksyonè inileng kreyòl oswa franse-kreyòl) ensifizan epi yo ra; (4) pa gen okenn politik nasyonal sou liv lekòl; (5) bezwen ki manifeste bò kote anpil otè manyèl pou genyen yon òtograf kreyòl kodifye ak estandadize ki se travay otorite syantifik ki rekonèt (Fakilte Lengwistik Aplike, Inivèsite Leta Ayiti); (6) nivo kolaborasyon ant Ministè Edikasyon ak asosiyasyon pwofesyonèl pwofesè yo fèb.
Mank rigè ak gwo vizyon, ansanm ak yon panse pedagojik-edikatif ki fèb, ki repwodui nan Leta Ayisyen an chak ane nan Ministè Edikasyon Nasyonal la, e se sa menm k ap soutni popilis lengwistik la ann Ayiti.
« Lanati pa sipòte vid » se sa pwovèb la di… Nou wè « vid » y ap pale a se povrete ak feblès « panse pedagojiko-edikatif » Leta Ayiti a genyen, ki ap kache plizyè manifestasyon popilis lengwistik ann Ayiti. Popilis lengwistik la anvayi vid sa a, se sa ki nouri l epi sa ankouraje mete kreyòl nan yon labirent erè ideyolojik ak politik. Nou defini popilis lengwistik kon sa : yon seri ide ki mache sou baz sibjektivite epi ki itilize ideyoloji kòm yon zouti « esplikasyon » pou fenomèn lang nan sosyete a. Popilis lengwistik la aji avèk entansyon, li inyore syans langaj yo pou li rete kole sou yon vizyon ki bay plis valè ak kategori « esplikatif » ki se lide sèlman, nan yon nivo abstrè : pozisyon kon sa ale kont rechèch sou tèren yo epi li chita sou kliche jeneral oswa sou eslogan yo prezante kòm yon « pawòl levanjil » nan non « pèp la » oswa nan kèk ka kòm « pawòl pèp la ». Nòt – Pou plis koze sou noyon popilis ak diskou popilis, wè etid « Discours populistes et sur le populisme : entre auto- et hétéro-désignations », Nora Gattiglia, Silvia Modena ak Stefano Vicari, revue Espaces linguistiques, nimewo 7, 2024.
Daprè Observatoire du populisme au Canada, « Gen twa apwòch prensipal pou defini popilis, sa ki plis popilè a se apwòch ideyolojik la. Daprè prensipal defansè apwòch sa a, politològ Olandè Cas Mudde, popilis se yon « ideyoloji mens » ki divize monn nan an de : pèp « ki gen men pwòp » kont elit « ki nan zak koripsyon ». Kòm yon « ideyoloji mens », popilis la dwe asosye ak yon ideyoloji « konplè » (tankou konsèvatis, sosyalis, fasis, elatriye) pou li gen sans epi li varye anpil nan fason yo aplike li. Se poutèt sa yo ka di politisyen sa yo tankou Bernie Sanders ak Donald Trump itilize diskou popilis ; menm si pwogram yo diferan anpil, yo pataje yon diskou manikeyen (nan diferan degre) ki mete pèp kont elit yo » (gade atik « Qu’est-ce que le populisme », sit wèb Observatoire du populisme au Canada, san dat). Gade tou etid « Qu’est-ce qu’un discours populiste ? Le cas du discours de déclaration de candidature d’Éric Zemmour », Lorella Sini (Università di Pisa), revue Espaces linguistiques, nimewo 7, 2024.
Li ta twò nayif, twò fasil, epi kont-pwodiktif pou nou ta pran popilis lengwistik la yon fason fasil : li pretann li onèt epi li plede pale anpil, li plis yon « militan » pase yon syantifik, li gen rityèl relijye, e menm gen yon… « Akademi », Akademi kreyòl ayisyen ki te kreye twò bonè nan lane 2014. Nan ka Ayiti a an patikilye, fason yo itilize kesyon lang lan pou fè popilis la lakòz anpil pozisyon politik ak ideyolojik pou twonpe moun. Sa mennen nan yon anak Konstitisyonèl, nan soutyen piblik pou yon sistèm politik ki melanje pouvwa ak mafya, espesyalman PHTK ki reprann pratik divalyeris yo. Sa fasilite yo tou prezante listwa a daprè enterè politik yo, ansanm ak yon apèl pou vyole Konstitisyon an. Tout mouvman sa yo chita sou yon atirans kontinyèl sou lide ak pratik François Duvalier t ap defann yo.
Sosyolengwis ak sosyodidaktisyen Bartholy Pierre Louis te etidye an pwofondè yon fòm popilis lengwistik li rele, ak anpil jistès, « ideyoloji lengwistik ayisyen ». Ansyen etidyan Fakilte Lengwistik Aplike Inivèsite Leta Ayiti, Bartholy Pierre Louis te soutni avèk siksè an 2015 yon gwo tèz doktora ki gen tit « Quelle autogestion des pratiques sociolinguistiques haïtiennes dans les interactions verbales scolaires et extrascolaires en Haïti ? : une approche sociodidactique de la pluralité linguistique » (tòm 1 : 551 paj ; tòm 2 : 125 paj). Tèz sa a te soutni 15 desanm 2015 nan Université européenne de Bretagne, nan kad laboratwa « Plurilinguisme, représentations, expressions francophones information, communication, sociolinguistique » (PREFics – UFR Arts, lettres, communication – ALC). Travay la te fèt sou direksyon lengwis Philippe Blanchet, pwofesè nan Université Rennes 2. Kòm sosyolengwis, espesyalis plirilengwis, epi didaktisyen ki gen renome entènasyonal, Philippe Blanchet se otè tankou « Les transpositions didactiques », ki pibliye nan Blanchet, P. ak Chardenet, P. (dir.), « Guide pour la recherche en didactique des langues et des cultures. Approches contextualisées », Monreyal / Pari, PREFics, Agence universitaire de la Francophonie / Éditions des archives contemporaines, 2011 ; li se otè tou « Politique linguistique et diffusion du français dans le monde », ki parèt nan Bulot, T. ak Blanchet, Ph., « Une introduction à la sociolinguistique (pour l’étude des dynamiques de la langue française dans le monde) », Éditions des archives contemporaines, Pari, 2013.
Demach doktora Bartholy Pierre Louis a prezante yon deskripsyon aktyalize sou deriv ideyolojik yon ti minorite predikatè kreyolofòn ki atake lang franse ann Ayiti epi defann sevèman « tout bagay an kreyòl touswit » la. Ankèt Bartholy Pierre Louis sou tèren te fasilite li valide analiz sa a, nou site l yon fason fidèl pou li pa pèdi valè li : « Kit se lakay, nan lekòl, nan inivèsite, nan administrasyon piblik oswa prive, oubyen nan milye sosyal espontane, kreyòl dwe itilize toupatou. Se pou ranplase franse kote li po ko vin yon lang edikasyon oswa yon lang kominikasyon. Pwopozisyon sa a mache ak pozisyon militan kreyòl yo ki soutni l fò anpil. Nan diskou yo, franse pa gen anpil enpòtans, menm si Konstitisyon ayisyen ba li yon estati lang segonn ak ofisyèl. (…) Anplis, yo rann franse a an pati responsab soudevlopman peyi a, paske yo fè konnen gwo pousantaj echèk nan sistèm edikatif la ta lye ak itilizasyon franse kòm lang ansèyman. Sepandan, pozisyon sa a rete lajman diskitab, e menm demanti nan plizyè piblikasyon syantifik, pami yo travay Berrouët-Oriol (2011 : 182), ki montre, okontrè, posiblite pou òganize de lang yo ansanm: « Men, kontrèman ak kèk moun ki kwè, swa ak bon entansyon swa ak yon vizyon ki limite, depi kounye a fòk nou pase nèt ale sou politik « tout an kreyòl » la, nou menm nou plede ouvètman pou yon amenajman lengwistik ki chita sou aplikasyon reyèl dwa lengwistik yo nan tou de lang ayisyen yo. » (op. cit. p. 201-202).
Gen yon konvèjans klè nan analiz ant dyagnostik Bartholy Pierre Louis a ak pa nou an konsènan deriv ideyolojik yon ti minorite predikatè kreyolis ki atake lang franse a ann Ayiti epi ki defann, yon fason fèmen e dògmatik, pozisyon « tout an kreyòl, touswit » la. An reyalite, nan atik an de pati nou te pibliye nan Le National 20 ak 31 dawout 2017, « Faut-il exclure le français de l’aménagement linguistique en Haïti ? » a, nou te fè envantè plizyè fòm « popilis lengwistik » ki egziste ann Ayiti. Se menm « ideyoloji lengwistik ayisyen sa a » sa a Bartholy Pierre Louis analize an pwofondè nan tèz li a, sou baz yon defans radikal –li konsidere kòm lejitim– lang kreyòl la, men ki antre an kontradiksyon ak reyalite patrimwàn lengwistik nou an, ki depi plis pase de syèk chita sou yon bilengwis kreyòl–franse. Atik nou an montre klèman fèmti pawòl levanjil kèk predikatè kreyolis ap ankouraje yo, predikatè ki souvan lye ak sèten ideyològ Akademi kreyòl la, yon pozisyon fèmen ki ale dirèkteman kont atik 5 Konstitisyon 1987 la, ki rekonèt kreyòl ak franse kòm de lang ko-ofisyèl ann Ayiti. Atik « Faut-il exclure le français de l’aménagement linguistique en Haïti ? » a fè referans ak yon lòt atik nou te pibliye deja nan Le National 1e dawout 2017, « Le « monolinguisme » créole est-il une utopie ? », kote nou te idantifye kèk garanti entelektyèl ideyoloji lengwistik ayisyen an, pami yo Yves Dejean, lengwis kreyolis ki gen franse kòm lang manman. Kidonk, jan Yves Dejean fè sa, « Fòk nou rekonèt Ayiti se yon peyi ki sitou pale yon sèl lang (…) Ayiti se youn nan peyi ki pi monoleng ki egziste. » (Yves Dejean : « Rebati », 12 jen 2010) –oswa ankò « Franse se danje » (Yves Dejean : revue Sèl, n° 23-24, Nouyòk, 1975)–, se rete kole nan yon vizyon istorik ak ideyolojik ki grav, ki ka mete baryè ni pou amenajman paralèl de lang ofisyèl peyi a, ni sou ouvèti konsyan Ayiti nan plirilengwis monn modèn nan kote nou egziste kòm sijè ki pale. Dimansyon fèmen pawòl levanjil predikatè kreyolis yo parèt klè tou nan atik Tara García Mathewson nan, « How Discrimination Nearly Stalled a Dual-Language Program in Boston » (The Atlantic.com, 7 avril 2017), otè a site lengwis Michel DeGraff, kote li deklare : « Nou vin lib an 1804, men nou rete kolonize ATRAVÈ LANG FRANSE a [majiskil yo se nou menm ki mete yo, RBO]. Afimasyon sa a, ki pretann nou rete « kolonize » poutèt egzistans lang franse ann Ayiti a, se pa sèlman yon fo lide ki grav, men li montre tou yon fason yo panse ki pa syantifik sou fason Repiblik Ayiti te kreye. Yon lide kon sa, ki apiye sou chanjman nan fason moun ekri listwa a, chache kouvri reyalite istorik la ak ide yo pito pase li baze sou sa pi bon istoryen yo te etidye sou relasyon klas sosyal yo anvan ak apre Endepandans lan, ansanm ak jan Leta te òganize apre 1804 la. NÒT — Sou kesyon sa a, gade Étienne D. Charlier : « Aperçu sur la formation historique de la nation haïtienne », [1954] re-edisyon. Éditions DAMI, 2009 ; gade tou Carolyn Fick, « Haïti, naissance d’une nation : la révolution de Saint-Domingue vue d’en bas », Éditions Les Perséides, 2013, ansanm ak liv remakab Laënnec Hurbon ak Michel Hector, « Genèse de l’État haïtien » (Éditions C3 Éditions, Pòtoprens, 2024). Pi pre nou, nan yon « pòs » Facebook ki lejè e ki chaje imajinasyon, pibliye 21 mas 2020, lengwis Michel DeGraff ekri kon sa : « Kreyòl la se yon lang SYANTIFIK ki DJANM. Dokiman sa a se yon atik nan jounal SYANTIFIK Haitian Studies Association (Journal of Haitian Studies). Si kreyòl la ka sèvi pou LASYANS, li ka sèvi nan LEKÒL, nan INIVÈSITE, nan PALMAN tou, kòm sa dwa, san fòs kote, san baryè. Ayiti se yon peyi ENDEPANDAN depi 1804. Nou pa dwe kite lang franse a mete baboukèt nan bouch okenn sitwayen—ni sou ban lekòl, ni nan aktivite pwofesyonèl, ni nan biwo leta, ni nan tribinal, ni nan palman… Ayiti pa fouti devlope si n kontinye ap mete baboukèt sou lang nasyonal nou an. LANG KREYÒL LA SE MOTÈ POU EDIKASYON, LIBERASYON, JISTIS, DEVLÒPMAN, DIYITE AK RESPÈ DWA MOUN ANN AYITI. http://linguistics.mit.edu/…/DeGraff-20170310-JoHS-two-woch… ». / « Le créole est un langage scientifique fort. Ce document est un article dans le journal scientifique Haitian Studies Association (journal des études haïtiennes). Si le créole peut être utilisé pour la science, il peut être utilisé à l’école, à l’université, au parlement aussi, comme juste, sans barrières. Haïti est un pays indépendant depuis 1804. Nous ne devrions pas laisser la langue française mettre le peuple dans la bouche d’un citoyen — ni à l’école, ni au bureau de l’état, ni au parlement… Haïti ne peut se développer si Nous continuons à mettre la folie sur notre langue nationale. La langue créole est le moteur de l’éducation, la libération, la justice, le développement, la dignité et le respect des droits de l’homme en Haïti. http://linguistics.mit.edu/wp-content/uploads/DeGraff-20170310-JoHS-two-woch dife.pdf ». [Nan sitasyon an, majiskil yo ak vèsyon franse a se pa RBO ki mete yo, se otè a menm ] Olye Michel DeGraff plede pou yon vrè didaktizasyon kreyòl la, li limite l ak yon « prèch » pou voye toya, yon deklarasyon lafwa, ki vle fè konprann klèman kreyòl la ta deja yon lang syantifik konplè, ki kapab esprime tout reyalite lasyans ak teknik yo. Pou nou menm, nou konsidere panse ak pwodui lasyans an kreyòl, nan tout domèn, se yon nesesite e yon obligasyon istorik; men sa mande anvan tout bagay yon pwosesis laj didaktizasyon lang kreyòl la, ansanm ak disponiblite yon seri zouti didaktik ki estanda, divèsifye, pou ansèyman lang lan ak pou ansèyman nan lang lan. Se nesesite pou mete sou pye yon aparèy didaktizasyon solid pou kreyòl la menm Michel DeGraff inyore ki grav, dèyè eslogan jeneral « Kreyòl la se yon lang SYANTIFIK ki DJANM » la. (gade liv referans kolektif « La didactisation du créole au cœur de l’aménagement linguistique en Haïti », sous direksyon Robert Berrouët-Oriol et alii, Edisyon Zémès, Pòtoprens, ak Edisyon Cidihca, Monreyal, 2021). Anplis, « prèch » idantitè ak « nasyonalis » sa a mache men nan men ak soutyen piblik Michel DeGraff bay entèvansyon katèl politik-mafya PHTK newo-divalyeris Michel Martelly / Laurent Lamothe la nan domèn edikasyon, yon rejim yo byen rekonèt pou koripsyon jeneralize li, kriminalizasyon pouvwa Leta a ak gaspiyaj lajan piblik. Se kon sa, nan atik « La langue maternelle comme fondement du savoir : l’Initiative MIT-Haïti : vers une éducation en créole efficace et inclusive » (Revue transatlantique d’études suisses, 6/7, 2016/2017, p. 182), Michel DeGraff ekri: «Deja gen kèk jefò ki merite aplodisman pou amelyore sitiyasyon an ann Ayiti (…) Yon egzanp resan se Programme de Scolarisation Universelle Gratuite et Obligatoire (PSUGO) gouvènman ayisyen an lanse an 2011 lan pou garanti tout timoun gen aksè ak lekòl gratis e obligatwa ». Michel DeGraff pa t ka pa konnen PSUGO rejim Tèt kale newo-divalyeris Michel Martelly / Laurent Lamothe la te sibi gwo kritik ann Ayiti, sitou bò kote anpil pwofesè, jan sa parèt klè nan seri ankèt AlterPresse te pibliye an 2014 : « Le Psugo, une menace à l’enseignement en Haïti ? » (pati I, II, III). Charles Tardieu, espesyalis syans edikasyon, te analize sistèm predatè ak koronpi PSUGO a an pwofondè tou, nan atik li « Le Psugo, une des plus grandes arnaques de l’histoire de l’éducation en Haïti » (30 jen 2016), ansanm ak yon seri kat atik li yo ki pibliye sou AlterPresse an 2016 : « Haïti: le PSUGO, une catastrophe programmée (1/4) », 4, 5, 6,7 août 2016).
Soutyen piblik Michel DeGraff bay katèl politik-mafya PHTK newo-divalyeris la te toujou konsistan pandan ane yo epi anpil fwa li te montre sa sou YouTube. Kon sa, nan yon videyo li te mete sou YouTube pandan mwa jen 2014 la e ki toujou aksesib nan novanm 2025, Michel DeGraff deklare, san li pa revele sous li ni bay okenn prèv solid, 88 % timoun yo ale lekòl gras ak PSUGO : « Gras ak program Psugo a 88 pousan timoun ale lekòl »… Michel DeGraff se te [oswa se?] direktè syantifik ak prensipal responsab MIT – Haiti Initiative, ki te kreye apre yon akò ki te siyen an avril 2013 ant MIT – Haiti Initiative ak Leta ayisyen, ki gen reprezantan Premye minis Laurent Lamothe, youn nan gwo lidè katèl politik-mafya PHTK newo-divalyeris la. Depi kèk ane, MIT – Haiti Initiative ap fè pwomosyon pou yon « Glossary » pre-syantifik ak pre-leksikografik, ki gen anpil feblès, « Glossary of STEM terms from the MIT – Haiti Initiative » (gade atik « Le naufrage de la lexicographie créole au MIT Haiti Initiative », Robert Berrouët-Oriol, Le National, 15 fevriye 2022 ; gade tou atik « Plaidoyer pour une lexicographie créole de haute qualité scientifique », Robert Berrouët-Oriol, Le National, 14 desanm 2021). Nan ka Michel DeGraff, li toujou gen yon gwo enterè pou lide ki ankouraje kontwòl, dominasyon ak separasyon rasyal oswa kiltirèl, pou panse ki mete aksan sou pwòp pèp natif natal yo kòm pi siperyè, epi pou lide ki fè lwanj pou rejim Divalye yo ak politik ki favorize moun nwa a sèlman. Sa fè li fasil pou li rejte oswa chanje fason nou wè istwa a daprè pwòp vizyon li. Kon sa, an 2024, Michel DeGraff te kite Depatman Lengwistik MIT la paske li te fè yon pwopagann kont jwif ki te sipòte Hamas sou kanpis inivèsite a…
Popilis lengwistik la te manifeste tou ann Ayiti an 2018 ak piblikasyon liv Gérard-Marie Tardieu, « Yon sèl lang ofisyèl » la (« Une seule langue officielle »), nou te diskite sa nan atik nou an « Le créole, « seule langue officielle » d’Haïti : mirage ou vaine utopie ? » (Le National, 7 jen 2018). Menm si liv sa a pa t jwenn okenn repèkisyon pami pwofesè ak lengwis ann Ayiti, li montre byen klè nati pre-syantifik ak lide imajinè moun ki sipòte « ideyoloji lengwistik ayisyen » ideyològ kreyolofil yo reklame a, kit yo manm Akademi Kreyòl la oswa yo pa manm. Youn nan espresyon fondamantalis kreyolofil ak avègleman volontè a parèt nan atik « Yon sèl lang ofisyèl pou dechouke mantalite nou » (Le Nouvelliste, 31 me 2018) ki anonse parisyon liv Gérard-Marie Tardieu a, « Yon sèl lang ofisyèl », kote li menm, manm Akademi Kreyòl la, defann yon inilateralis lengwistik ki vize mete youn nan de lang nan patrimwàn lengwistik istorik nou an deyò, franse a. Daprè revizyon liv li nan Le Nouvelliste, agiman Gérard-Marie Tardieu santre sou lide « revolisyon » nan domèn lengwistik pou fè kreyòl la tounen sèl lang ofisyèl Ayiti: « Se kon sa GMT [Gérard-Marie Tardieu] panse fòk gen yon revolisyon ki pou fèt. L ap pèmèt lang ayisyen an ak lang kolon an [sic] reprann plas yo kòmsadwa. Sa vle di, lang kreyòl la ap sèl lang ofisyèl nou pandan lang blan franse yo ap desann nan dezyèm plas la. » Nou remake, atik la itilize ansyen estereyotip ak pawòl diskriminatwa sou « lang blan an », « lang kolon an », franse a, ki konfime lide fo ak lide demagojik ki pretann lang sa a se yon lang « kolonyal », etranje pou Ayisyen, tankou Koreyen oswa Dánwa pou yon moun ki pale kreyòl. Kote pa li, Bito David, enjenyè-agwonòm, diplome nan jesyon administratif, e « espesyalis nan edikasyon miltikiltirèl » daprè Le Nouvelliste 18 jen 2014, ki te pibliye plizyè liv an franse, wè franse ann Ayiti kòm yon « krim », yon « aberasyon » ak yon « viris mantal ak sikolojik »: « Edike yon Ayisyen nan lang franse se yon krim, yon aberasyon, yon mechanste anpil nan nou viktim, epi ki lage nou nan yon viris mantal ak sikolojik ki ap minen piti piti tout sa ki ta kapab ede n makonen ak reyalite lavi nou nan koneksyon ak kominote nou, fondasyon n kòm yon pèp patikilye ak anviwènman nou. » Kidonk, edike yon Ayisyen an franse ta reprezante « yon krim, yon aberasyon », e menm yon « viris mantal » ki ta dwe konbat atravè « kreyolizasyon » sistèm edikatif ann Ayiti (Bito David: « Pou kreyolizasyon sistèm edikasyon peyi Ayiti », Facebook, 27 dawout 2017). Popilis lengwistik la, jan Bito David ak lòt moun pote li, se yon konbinezon konfli, demagojik ak sibjektif ki anvayi tout nivo sosyete a. Li kontinye fè refleksyon sou pwoblèm lengwistik ayisyen an rete kole nan konfizyon, nan panse pre-syantifik, epi nan mete sou kote oswa inyore syans langaj la.
Nan kesyon popilis lengwistik, twòp militans vèbal ak konfizyon ideyolojik moun yo, nou ka wè youn nan dènye manifestasyon yo nan koze inilateralis kreyolofil yo nan atik yon manm Akademi Kreyòl la, « Estati lang ak amenajman lengwistik kreyòl » / « Kreyòl lang komen, kreyòl premye lang ofisyèl Ayiti », tèks Janwobè Plasid [Jean-Robert Placide], ki parèt ann Ayiti nan Le Nouvelliste 22 oktòb 2025. Yo dwe li atik sa a ak anpil atansyon paske li chaje ak konfizyon nan lide ak nan analiz, li louvri pòt pou entèpretasyon ki mal fèt epi volontè sou atik 5 ak 40 nan Konstitisyon ayisyen 1987 la, epi li eseye jistifye de rejim lengwistik ki pa konstitisyonèl epi ki lakoz diskriminasyon ann Ayiti. Premye sistèm lengwistik la ta baze sou yon « premye lang ofisyèl ». Dezyèm lan ta baze sou yon « dezyèm lang ofisyèl ». Men, jan nou te wè li deja nan ka Gérard-Marie Tardieu a, jan Jean-Robert Placide prezante Konstitisyon 1987 la pa gen okenn baz legal nan lang: nan okenn pati nan Konstitisyon 1987 la yo pa mansyone yon « premye lang ofisyèl » ni yon « dezyèm lang ofisyèl », epi atik 5 ak 40 nan Chat fondamantal nou an pa kreye okenn ran oswa preferans ant de lang ofisyèl yo, kreyòl ak franse. « Agiman » otè atik sa a, ki fè apèl pou yon vrè fwod konstitisyonèl, te deja parèt nan liv Gérard-Marie Placid te pibliye ak lengwis Sauveur Joseph ak apwobasyon GRAHN-Monde: « Un aménagement linguistique pour le développement du peuple haïtien : bilinguisme équitable différencié et la valorisation du créole » (Presses internationales Polytechnique, Monreyal, 2012). Anons piblikasyon liv sa a te parèt nan Bulletin GRAHN (volim 2, n°2, Dawout 2012), men depi 2012 « sou-komite lang yo » ki te ede ekri liv la, pa janm fè okenn rapò sou travay ki te fèt apre sa ni sou difizyon li an Ayiti oswa nan lòt peyi. Nan revizyon liv sa a, jounalis Patrick Saint-Pré, pale de otè Jean-Robert Placide ak Sauveur Joseph, ekri: «Daprè jan yo wè bagay yo, premye sa ki ta dwe fèt, yo ta dwe deklare KREYÒL KÒM SÈL LANG OFISYÈL PEYI A. Se t ap politik lengwistik ideyal pou Ayiti. Apre sa, respekte epi fè respekte dwa LANG OFISYÈL LA; defann kreyòl la, fè pwomosyon li, ankouraje devlopman li ansanm ak kominote ki pale li a; epi finalman, egzije pou lekòl yo fonksyone an kreyòl, men ak ouvèti pou lòt lang etranje tou nan peyi a. (Patrick Saint-Pré : « Pour en finir avec le bilinguisme exclusiviste haïtien »), Le Nouvelliste, 25 me 2016). [Remak: majiskil ak an gra nan sitasyon an se RBO ki mete yo].
Nan atik « Estati lang ak amenajman lengwistik kreyòl » / « Kreyòl lang komen, kreyòl premye lang ofisyèl Ayiti » (Le Nouvelliste, 22 oktòb 2025), Jean-Robert Placide parèt kòm yon atizan fèm nan re-ekriti istwa e li livre nan fwod nan re-ekri atik 211 nan Konstitisyon 1987 la. Li pretann: « Atik 211 di : lang ansèyman inivèsite se lang ofisyèl. Kidonk, inivèsite yo ak etablisman ansèyman siperyè YO KA CHWAZI YONN NAN LANG OFISYÈL YO. Sa pa dwe fèt kon sa. Li lè li tan pou sa chanje epi pou inivèsite yo kòm espas konesans, ki genyen lidèchip nan peyi a, pran responsablite yo anvan menm lwa a chanje. » [Transkripsyon majiskil an gra, RBO] Men sa ki ekri nan vèsyon ofisyèl Konstitisyon 1987 la: « Atik 211 – « Otorizasyon pou inivèsite ak lekòl siperyè prive yo fonksyone depann sou apwobasyon teknik Konsèy Inivèsite Leta a, sou yon patisipasyon majorite ayisyen nan kapital ak nan pwofesè yo, epi sou OBLIGASYON POU ANSEYE SITOU NAN LANG OFISYÈL PEYI A. » [Majiskil ak an gra se RBO ki mete yo] Kòm nou ka wè byen klè, tèks konstitisyonèl la pa janm di sa Jean-Robert Placide te pretann nan: « inivèsite yo ak etablisman ansèyman siperyè YO KA CHWAZI YONN NAN LANG OFISYÈL YO… » Nou obsève atik 211 lan pa kreye okenn ran oswa preferans ant de lang ofisyèl yo, e li pa kontredi ni « Preyanbil » ni atik 5 ak 40 nan Chat fondamantal nou an. Li menm tou, li enpòtan pou remake pwoblèm fo an ekriti Jean-Robert Placide la mache danse-kole ak pa akademisyen Gérard-Marie Tardieu, otè liv « Yon sèl lang ofisyèl », te fè, yon lòt liv ki annik fèt ki disparèt, ki pibliye ann Ayiti nan Edisyon Kopivit an 2018. De manm sa yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen ap envite kèk lektè yo nan yon chemen ireyèl, kote yo fè moun kwè yo ka modifye Konstitisyon an jan yo vle, fè fwod konstitisyonèl, nan sa ki ka rele yon delenkans konstitisyonèl klè. Yo ap envite ti ponyen lektè limite yo a ranplase Asanble Konstitiyan ki te fè Konstitisyon 1987 la, yo ap envite yo fè fwod nan mete tèt yo pi wo pase vòt referandòm majorite Chat fondamantal la. Lè yon « akademisyen » fondamantalis fè yon fo deklarasyon konstitisyonèl kon sa, li montre yon fo lide ta ka retire oswa chanje Konstitisyon 1987 la daprè volonte yon ti gwoup moun ki renmen kreyòl twòp, ki fè règ yo daprè pwòp entèpretasyon yo e ki pa ouvè pou lòt opinyon. Yo site Lwa Fondamantal nou an, ki se baz sistèm legal Ayiti, men nan menm mouvman an, yo ap ankouraje vyolasyon ak manipilasyon Lwa sa a. Nou dwe konprann byen fwod sou Konstitisyon an, vyolasyon klè nan lwa konstitisyonèl, ak fo deklarasyon sou Konstitisyon an ap fèt san kache, epi se yon pati dirèk nan popilis lengwistik ann Ayiti.
Nan kouri pou reyalite a, ak langaj popilis, militan ki pale anpil san aksyon, ak konfizyon ideyolojik pèsonèl, atik Jean-Robert Placide, « Estati lang ak amenajman lengwistik kreyòl » / « Kreyòl lang komen, kreyòl premye lang ofisyèl Ayiti » (pibliye nan Le Nouvelliste 22 oktòb 2025), bay yon lòt leson byen klè. An reyalite, li fè konnen « Ayiti pa gen Ministè lang, ni Sekretèri lang, ni Biwo lang, ni Ofis dwa lang kreyòl. Konstitisyon Repiblik Ayiti 1987 la, nan atik 213 la, kreye Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an. Dokiman konstitisyonèl 1987 la bay AKA misyon pou kodifye lang kreyòl la, oryante, jere ak pèmèt devlopman lang kreyòl la nan yon òd, nan yon amoni epi selon prensip syantifik. Pou kounye a, se Akademi Kreyòl Ayisyen an ki ta dwe jwe wòl ministè lang, sekretèri lang, biwo lang ak ofis dwa lengwistik kreyòl ». [Sèten pati ki make an italik ak an gra se RBO ki make yo] Nou wè byen klè Jan-Robè Plasid deside fèmen je l, epi li pa rive kapab fè yon analiz serye e onèt sou sa yo di Akademi kreyòl ayisyen an ap fè. Gen yon silans sispèk, tankou yon rezo mafya ki byen monte, kote ideyològ Akademi an ansanm ak plizyè entelektyèl ayisyen, ki pito fè konpliman olye yo kritike, epi nan tolere kozman amatè, mete sou erè yo ak echèk total enstitisyon sa a, ki te kreye anvan lè an 2014. Nou menm, nou deja fè bilan sa a byen klè, ak prèv, nan plizyè atik, sitou nan atik ki rele « Actualisation du bilan de l’Akademi kreyòl ayisyen : entre « zanno dekoratif », aphonie, strabisme et momification », ki te pibliye ann Ayiti 31 jiyè 2025 sou 17 platfòm rejyonal Rezo Réseau des professeurs d’universités d’Haïti (REPUH), ansanm ak sou paj enfòmasyon Asosyasyon Pwofesè Kreyòl Ayiti (APKA). Menm atik sa a te pibliye Ozetazini sou sit Rezonòdwès epi an Matinik sou sit Madinin’Art.
Nan atik sa a nou te esplike sa a: « Nan yon analiz serye, depi 2014 rive 2025, Akademi Kreyòl Ayisyen an pa pibliye okenn atik syantifik sou kreyòl, okenn ankèt sou tèren, okenn travay leksikografik, okenn liv referans sou didaktik kreyòl oswa didaktizasyon lang kreyòl, okenn diksyonè kreyòl, okenn gramè kreyòl, okenn gid pedagojik pou ansèyman AN kreyòl oswa ansèyman KREYÒL. Li pa pibliye okenn travay referans nan youn nan domèn kreyolistik yo: gramè, fonoloji, leksikoloji, leksikografi, diksyonè, sosyolengwistik, demolengwistik, jirilengwistik… Soti 2014 rive 2025, Akademi Kreyòl Ayisyen an sèlman pibliye yon sèl tèks « syantifik » : yon « Rezolisyon » trè limite sou òtograf kreyòl la. Travay « syantifik » sa a, pwofesè ak direktè lekòl atravè peyi a pa t pran o serye, te pase anba yon egzamen sevè de lengwis ayisyen nan tèt lis la, Lemète Zéphyr ak Renauld Govain. Kon sa, « Lemète Zéphyr dénonce les lacunes de la résolution de l’Aka sur l’orthographe du créole » (Montray kreyòl, 19 jen 2017), pandan Renauld Govain analize pozisyon ofisyèl AKA a nan tèks li « Konprann ‘’Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen’’ an » (AlterPresse, 28 jen 2017). Li klè sou « Premye rezolisyon » sa a, daprè sa li di, pami lòt bagay, Akademi Kreyòl la konfonn òtograf, alfabè ak grafi : « Rezolisyon an manke jistès nan chwa tèm li yo. Sanble li konfonn òtograf, alfabè, grafi, e li konpòte tèt li tankou yon trete òtograf, jan nou kapab verifye nan dispozisyon 2, 4, 5, 8, 9. » Bò kote pa li, Christophe Charles, powèt, editè ak pwofesè ki se yon manm Akademi Kreyòl tou, pran yon pozisyon opoze ak pozisyon ofisyèl AKA sou grafi kreyòl la nan yon atik ki pibliye nan Le Nouvelliste 26 oktòb 2020, « Propositions pour améliorer la graphie du créole haïtien ». Nan bilan aksyon Akademi Kreyòl la pou « fikse » òtograf kreyòl la, yo byen rekonèt echèk la piblikman, men pa gen okenn analiz kritik sou echèk sa a sou sit ofisyèl AKA a, espesyalman nan « Bilan 4 desanm 2014 – 4 desanm 2019 » ki disponib sou sit entènèt AKA a.
RAPÈL – Nan peryòd 2015-2025, nou te pibliye plizyè tèks ki byen dokimante pou ankouraje refleksyon ak diskisyon piblik sou pil feblès Akademi Kreyòl Ayisyen an :
1. « Accord du 8 juillet 2015 – Du defaut originel de vision à l’Academie du créole haïtien et au ministère de l’Éducation nationale », Potomitan, 15 juillet 2015).
2. « Les ‘’droits linguistiques des enfants’’ en Haïti : mal-vision et aberration conceptuelle à l’Akademi kreyòl ayisyen » (Potomitan, 20 septembre 2016).
3. « L’Akademi kreyòl ayisyen, placée sous respirateur artificiel, peine encore à se saborder » (Madinin’art, 9 octobre 2025).
4. « Maigre bilan de l’Académie du créole haïtien (2014-2019) : les leçons d’une
dérive prévisible » (Le National, Madinin’art et Potomitan, 5 avril 2019).
5. « Bilan quinquennal truqué à l’Académie du créole haïtien » (Potomitan, 8
décembre 2019).
6. « L’Académie du créole haïtien et la problématique de la langue maternelle
créole » (Potomitan, 12 février 2020).
7. « L’Académie du créole haïtien : autopsie d’un échec banalisé (2014 – 2022) »
(Le National, 18 janvier 2022).
8. « L’Akademi kreyòl ayisyen ou la saga des rituels verbeux et illusionnistes » (Médiapart, 19 février 2024).
9. « Journée internationale du créole 2024 : la vision indocte et rachitique de
l’Akademi kreyòl ayisyen mène une fois de plus à une impasse » (Rezonòdwès,
19 octobre 2024).
10. « L’Akademi kreyòl ayisyen recycle une fois de plus ses vieilles recettes et
sectarise son incapacité à aménager le créole » (Le National, 21 février 2025).
11. « Actualisation du bilan de l’Akademi kreyòl ayisyen : entre « zanno dekoratif », aphonie, strabisme et momification » (Madinin’art, 4 août 2025).
12. « Le « partenariat stratégique » entre Wikimedia Haïti et l’Académie créole ou l’indocte quête d’une vision linguistique fantasmagorique » (Le National, 13 décembre 2025).
Anplis, li enpòtan pou raple Jean-Robert Placide se otè liv « Ayisyanite ak kreyolite », ki gen kòm sou-tit « Mouvman kreyòl ayisyen / Sosyete Koukouy yon nouvo endijenis an evolisyon » (Jebca Éditions, 2023). Nan liv sa a, li mete tèt li kòm defansè yon endijenis rasyalis ki pa twò klè, yon vizyon ki sanble sòti dirèkteman nan yon chirepit idantitè, rasyalis ak endijenis, ki soti nan eritaj endijenis ak nwaris divalyeris la. Nou menm, nou te fè yon analiz detaye sou liv sa a nan atik nou ki te pibliye 24 mas 2024 ann Ayiti, Ozetazini, an Matinik ak an Frans, anba tit « Liv “ayisyanite ak kreyolite” ressuscite-t-il l’indigénisme racialiste duvaliérien sous les habits artificieux du “nouvo endijenis an evolisyon” ? ». Fason Jean-Robert Placide ap defann yon rasyalizasyon endijenis-nwaris divalyeris la te deje sèvi pandan yon tan kòm mak idantite yon sosyològ yo te respekte anpil, ki te anseye nan Inivèsite Leta Ayiti, Jean Casimir, otè atik « Lang blan yo p ap pran peyi a pou yo », ki te pibliye 10 fevriye 2023 nan ribrik « Opinion » sou sit Ayibopost (gade atik pa nou « Jean Casimir ou les dérives d’une vision racialiste de la problématique linguistique haïtienne », Le National, 21 mas 2023).
Nan kè popilis lengwistik la, gen yon deriv grav ki mele nasyonalis, rasyalis-nwaris, esansyalis ak idantitaris, epi ki pran fòs li nan re-ekriti istwa a. Sou plizyè fòm, kalite panse sa a deja montre kijan li atire, menm admire, pouvwa otoritè ak fachis. Nou te wè sa an Almay ak monte nazis yo, jis anvan Dezyèm Gè Mondyal la; nou te rekonèt li nan jenosid ki te fèt an 1994 nan « Pays des mille collines », Rwanda; epi jodi a, nou ka idantifye l klèman nan fason lide fachis yo ap pran plas yo ann Ayiti tou.
Lè nou gade l byen, panse rasyalis-fachis François Duvalier a te byen mare ak sa yo rele « nwaris » la. Istoryèn Virginie Belony te etidye panse sa a an pwofondè nan bèl tèz doktora li te soutni 13 fevriye 2023 nan Université de Montréal, ki gen tit « Tout [n’] était pas si négatif que ça : les mémoires contestées du duvaliérisme au sein de la diaspora haïtienne de Montréal, 1964-2014 ». Nan chapit 3, paj 37, li fè konnen klèman « lojik nwaris la te nan nannan panse divalyeris » la. Daprè li, François Duvalier t ap apiye sou diferans biyolojik li te pretann egziste ant Afriken ak Ewopeyen pou l defann lide yon « gouvènman nwa pou yon pèp nwa ». Panse divalyeris la te chita tou sou konfli li ak liberalis yo. Sou pwen sa a, istoryen Matthew Smit (2009) montre nwaris la te gen yon pozisyon klè kont liberalis, avèk mete sou pye yon Leta otoritè ak eksklizif. Pi lwen nan analiz li a, Virginie Belony esplike tou, menm si tèks ki te enspire liv François Duvalier a « Le problème des classes à travers l’histoire d’Haïti » pa montre yon gwo efò refleksyon ni anpil nyans, yo te jwe yon wòl enpòtan kòm zouti pwopagann, paske yo t ap fè pwomosyon pou yon vizyon senplis, esansyalis, rasyalis (pou nou pa di rasis) sou istwa Ayiti. Nan chapit 2 tèz li a, Virginie Belony raple tou ideyològ divalyeris Gérard Daumec te pale de yon « faktè rasyolojik » nan kilti ayisyen an nan liv li « Guide des Œuvres essentielles du Dr François Duvalier ». NÒT — Itilizasyon mo « Ginen » ki chaje sans nan espresyon « mouvman panse endijèn Ayisyen Ginen » (paj 21 nan liv Jean-Robert Placide la) pa fèt san rezon. Mo sa a montre, nan vokabilè endijenis ak rasyalis, yon fason pou fèmen manm kominote nasyonal la nan yon sèl vizyon sou idantite ayisyen an, ki baze sèlman sou ras ak orijin etnik : « nou se Nèg Ginen », « nou se pitit Ginen ». Kon sa, idantite ayisyen an vin limite, mare sèlman ak yon sèl rasin zansèt, yon sèl kote — Gine — ki se youn nan rejyon kote sistèm kolonyal la te òganize depòtasyon esklav afriken yo pou voye yo nan Anti yo. Se vre, mo tankou « nan Ginen », « peyi Ginen », « Lafrik Ginen », « Sèvis Ginen » prezan anpil nan Vodou ak nan kilti popilè ayisyen an. Men, fòk nou sonje vizyon etnik ki fèmen sou yon sèl sans sa a, jan nou jwenn li nan diskou endijenis ak rasyalis yo, gen tandans mete sou kote lòt eleman enpòtan nan istwa ak nan idantite ayisyen an. Li ta enteresan, lè n ap etidye mo « nèg Ginen » pou n gade tou kijan mo « nèg Congo » parèt souvan nan kreyòl ayisyen an. Sosyològ Franklin Midy, nan etid li « Les Congos à Saint-Domingue – De l’imaginaire au réel », (revi Ethnologies, volim 28, nimewo 1, 2006) fè nou sonje kaptif ki te soti nan Afrik nò yo te gen an komen akoz pèp yo te anba dominasyon Mo (Maures) yo epi yo te vin islamize yo (Moreau de Saint-Méry, 1958, I : 49). Chak pèp sa yo te pale lang pa yo, men wolòf te sèvi kòm lang komen nan rejyon an. (…) Li raple tou, apre rejyon Kongo ak Angola, se pèp ki soti sou Kòt Dò (Côte d’Or) ak Kòt Esklav yo (Côte des Esclaves) (Gana, Wot-Volta, Togo, Dayome, Nijerya oksidantal) ki te bay plis kaptif pou plantasyon Sen Domeng lan. »
Fòk nou pran tout mezi danje ki genyen nan sa yo rele « nasyonalis etnik » la, daprè Jean-Robert Placide (paj 32), ki mare ak yon triptik : « nasyonalite etni an (Ayisyen), lang etni an (kreyòl ayisyen), ak teritwa etni an (peyi Ayiti) ». Vizyon sa a gen yon lyen dirèk ak sa yo rele ann Ayiti « kesyon koulè » a. Se kon sa, nan paj 65 bèl tèz doktora li a, Virginie Belony fè yon remak ki enpòtan anpil sou sijè a « L’occupation américaine et la question de couleur : de l’indigénisme au noirisme ». Li esplike, pandan kèk moun t ap akize — pafwa ak rezon, pafwa san rezon — elit « milat » la kòm moun ki te fasilite esplwatasyon ameriken ann Ayiti, plizyè lòt t ap chèche bay sans ak sa ki, an reyalite, te yon entèripsyon plis pase 111 lane yon vi nasyonal endepandan. Reyaksyon kont okipasyon an te pran plizyè fòm. Micheline Labelle raple, apre represyon leve kanpe popilè yo an 1920, repons kont okipasyon an te fèt sitou atravè refleksyon entelektyèl yo. Kouran endijenis la te youn nan sa ki te pi aktif, ni nan kantite efò li te pwodui (revizyon literè, sant rechèch ak lòt estrikti), ni nan enpak li te genyen sou lavi entelektyèl peyi a. Peryòd ant de lagè yo te wè aparisyon plizyè mouvman ki t ap reklame yon idantite afriken epi ki t ap poze kesyon sou kote ak fason konesans ap pwodui. Endijenis ayisyen an, nan sans sa a, antre nan yon mouvman ki te egziste sou plan entènasyonal, men ki te byen chita sou reyalite pa li nan zile karayib la. An reyalite, endijenis la te vle yon repons nasyonalis kont okipasyon ameriken an, men li te yon demach literè ak kiltirèl ki t ap reklame rasin afriken Ayiti tou. Kouran sa a te jwenn anpil enspirasyon nan travay doktè ak etnològ ayisyen Jean-Price Mars, ki pa t sèlman kritike fayit elit ayisyen an, men ki t ap repwoche li tou sa li te rele « bovaris kolektif » la, ansanm ak refi li pou gade reyalite a tout antye. Endijenis la te pwopoze yon pwojè ki te sanble nouvo e atiran pou jèn ayisyen ki te vle fini ak ewo-santris ki te make jenerasyon anvan yo. Daprè anpil moun, se tandans sa a Ewòp te kopye pou prepare tèren an pou ofansiv ameriken ann Ayiti. Daprè vizyon sa a, inite peyi a te depann de kapasite diferan sektè sosyete a pou mete tèt yo ansanm, atravè rekonesans total yon kilti komen. Vodou, ki jouk lè sa a te souvan gade ak krentif e yo te wè l kòm fòm sipèstisyon afriken ki pi sovaj, vin tounen yon domèn etid yo respekte, menm adore, paske yo te asosye l ak peyizan yo kòm vrè defans « otantik » kilti ayisyen an. Enterè sa a pou sa yo rele otantisite a, ki te mache ak prezans imilyan Ameriken yo, te pouse kèk moun vin anvi kreye yon mouvman politik ki ta pran modèl sou endijenis la ». Finalman, pandan n ap ekri atik sa a, nou pa t rive konsilte tout atik teyolojyen ak istoryen David Nicholls ki rele « Embryo-Politics in Haiti – Government and Opposition » an, 6 :1 (1971). Nan tèks sa a, David Nicholls analize diferan fòm nasyonalis ki te parèt ann Ayiti pandan okipasyon ameriken an (1915–1934). Li site figi tankou entelektyèl Jean Magloire ki te fè lwanj pou panse ak lidè fachis yo nan ane 1930 yo, tankou Mussolini ak Hitler, nan non nasyonalis la. Daprè David Nicholls, Jean Magloire te vin okipe pita yon pòs ministè nan gouvènman François Duvalier (1957–1971). Lòt sous konfime Jean Magloire, menm jan ak maurasyen Gérard de Catalogne, gwo admiratè maréchal Pétain epi kolaboratè pwòch François Duvalier, te patisipe aktivman nan gaye lide fachis ann Ayiti, sitou nan mitan divalyeris yo.
Gen de etid ki vrèman ede nou konprann pi byen epi mete nan bon plas tout dispozitif ideyolojik ak politik Jean-Robert Placide rasanble epi defann yo, ladan yo lide ki pretann « nasyonalite etnik » ayisyen ak yon fo « lang etnik » ayisyen an ta egziste sou « teritwa etni » ayisyen an ki se Ayiti a. Etid sa yo fasilite nou wè pi klè lyen ki genyen ant panse sa yo ak nwaris ansanm ak endijenis rasyalis-fachis François Duvalier a. Premye etid la se travay Micheline Labelle, ki fè yon analiz pwofon sou rasin ideyolojik nwaris ak endijenis la, nan atik li « La force opérante de l’idéologie de couleur en 1946 », yon tèks ki gen anpil pwa sou plan analiz. Atik sa a parèt nan liv Frantz Voltaire te dirije a, « Pouvoir noir en Haïti. L’explosion de 1946 » (Monreyal : V&R Editè ak edisyon CIDIHCA, 1988). Dezyèm etid la se travay doktora Rodady Gustave la, « De l’indigénisme au noirisme : l’exaltation des racines africaines et son influence sur les institutions haïtiennes de 1915 à 1957 » (tèz doktora, Université Grenoble Alpes, an kotitèl ak inivèsite Leta Ayiti, 2019). — Pou moun ki vle fouye plis sou nwaris la, yo ka gade tou « François Duvalier, le terrible théoricien du noirisme », dok-web Guy Férolus, kritik literè, sineyas ak ekriven, sit HaïtiInter, 4 desanm 2020 ; gade tou D. Rogers, Université des Antilles, « De l’origine du préjugé de couleur en Haïti » nan Outre-Mers – Revue d’histoire, 90 (340-341), 2003 ; Brigid Enchill; « Le colorisme et le noirisme dans le contexte haïtien », / Amour de Marie Vieux-Chauvet, ki parèt nan Mouvances francophones, volim 6, nimewo 1, 2021.)
Deriv nasyonalis, esansyalis ak idantitè a parèt plizyè fwa lakay kèk lengwis ak entelektyèl ayisyen ki fè pati anviwònman Akademi kreyòl la. Nou te wè sa lè rektora Inivèsite Leta Ayiti, sou direksyon ekonomis Fritz Deshommes, te eseye fè alyans ak katèl politik-mafya PHTK newo-divalyeris la, sou baz yon rezon ki chita ilizyon e san okenn itilite : fè kreyòl tounen youn nan lang ofisyèl yon CARICOM ki sanble ak yon OVNI an koma… Se kon sa, « pandan Ayiti t ap asire, depi mwa janvye 2013, prezidans Kominote Karayib la (CARICOM), rektora Inivèsite Leta Ayiti ansanm ak komite ki t ap travay sou kreyasyon yon akademi lang kreyòl te lanse yon apèl bay chèf Leta a, Michel Martelly, pou mande kreyòl, olye franse, vin youn nan lang ofisyèl òganizasyon rejyonal la » (« Le créole haïtien plutôt que le français comme langue officielle, plaident deux institutions », AlterPresse, 29 janvye 2013).
Kreyòl yon fason inilateral, popilis lengwistik ak derapaj enstitisyonèl nan ministè Edikasyon nasyonal
Gwo eskandal LIV INIK AN KREYÒL la se yon etap ki bay anpil leson sou efè dirèk apwòch inilateral kreyòl la, popilis lengwistik ak derapaj enstitisyonèl yo. Nan yon atik resan — « Le “Liv inik an kreyòl”, marqueur fondamental de l’échec didactique, pédagogique et de gouvernance du système éducatif haïtien » (Rezonòdwès, oktòb 2025) — nou te bay yon analiz solid, ak anpil prèv, sou tout istwa « Liv inik an kreyòl » la, kòm yon pati nan echèk jeneral fason yo te dirije sistèm edikatif nasyonal ayisyen an, anba dominasyon katèl politik-mafya PHTK newo-divalyeris la.
Nan analiz sa a, nou montre klèman bilan de manda PHTKis Nesmy Manigat nan tèt Edikasyon Nasyonal la se yon echèk ki frape fò, sou plizyè plan :
-
echèk tout pwogram yo te rele « refòm » nan sistèm edikatif ayisyen an, ki te finanse ak plizyè milyon dola pandan douz dènye ane yo ;
-
echèk yon fason dirije ki te fèmen je sou rann kont ak transparans ;
-
echèk revizyon pwogram yo, ki te fèt san yo pa chita sou yon politik edikasyon nasyonal ;
-
echèk nan prepare epi mete deyò yon politik sou liv lekòl ;
-
echèk nan nesesite pou prepare epi pibliye yon dokiman klè sou politik lengwistik edikasyon nasyonal la ;
-
echèk fason yo te eseye òganize itilizasyon kreyòl la nan tout nivo Lekòl ayisyen an, san okenn politik lengwistik edikasyon nasyonal ki klè ;
-
echèk total pwojè LIV INIK AN KREYÒL la.
Sentèz karakteristik LIV INIK AN KREYÒL la (vèsyon papye ak vèsyon elektwonik)
Nan mwa fevriye 2024, minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, te rann vizit li nan jounal Le Nouvelliste (gade atik « Le ministre de l’Éducation nationale visite Le Nouvelliste et présente la version numérique du livre unique », Le Nouvelliste, 21 fevriye 2024). Se kon sa li te prezante vèsyon nimerik LIV INIK AN KREYÒL la. Daprè li, se te yon « vrè revolisyon sou chemen ekite ak enklizyon ann Ayiti », ki t ap pèmèt plizyè milye elèv ki nan sitiyasyon difisil gen aksè ak kontni miltimedya rich nan tout matyè obligatwa yo, daprè kad pwogram aktyèl la. Minis la te ajoute tou Vèsyon liv nimerik la se prèv « yon nouvo efò pou ofri yon edikasyon kalite », atravè yon seri pwogram etid ki renouvle ak modènize, pou tout kategori timoun. Li te presize tou zouti sa a te fèt daprè apwòch pa konpetans, epi se UTICE (Unité de technologie de l’information et de la communication en éducation) ki te devlope l. (Se RBO ki souliye epi mete an italik ak an gra yo)
Jan nou te raple l pandan konferans nou te bay ann Ayiti, sou Zoom, nan PEN CLUB des Gonaïves jou ki te 21 fevriye 2024 la — « Dwa lengwistik tout Ayisyen, dwa pou sèvi ak lang matènèl kreyòl nan tout lekòl ann Ayiti : ki sa Konstitisyon 1987 la di lan sa ? » — Ayiti se sèl peyi nan lemonn ki vle mete nan sistèm edikasyon nasyonal li SEPT VÈSYON DIFERAN yon LIV INIK AN KREYÒL, ki fèt kote SEPT EDITÈ DIFERAN. Ayiti se sèl peyi nan lemonn ki vle lanse yon swadizan « revolisyon sou chemen ekite ak enklizyon », daprè Nesmy Manigat, pandan y ap anprizone tout matyè lekòl yo nan limit yon sèl liv 300 paj. Alòske, elèv nan Senegal, Lafrik di Sid, Kanada, Matinik, Aljeri, Ajantin, Fenlann oswa Laswis gen aksè ak plizyè milye liv sou plizyè matyè, nan bibliyotèk lekòl, bibliyotèk minisipal oswa nasyonal. Pou konpare, li enpòtan pou nou raple Bibliothèque Schœlcher nan Fò de Frans, Matinik, ki se bibliyotèk piblik depatmantal vil la, te louvri depi 1893 e li genyen anviwon 130 000 liv, ladan yo yon gwo koleksyon sou Anti yo. Bibliothèque nationale d’Haïti, ki te inogire an mas 1939 epi ki responsab depo legal liv yo nan tout peyi a, te genyen anviwon 60 000 liv an 2012. Bibliothèque haïtienne des Spiritains (BHS), ansyen Bibliothèque haïtienne des Pères du St-Esprit (BHPSE), Pè Daniel Weick ki te fonde l an 1873, se premye bibliyotèk eritaj peyi a epi pi ansyen an. Jodi a li gen anviwon 20 000 liv, ak dokiman istorik, achiv prive, kat jeyografik elatriye. Sit ofisyèl Bibliothèque et archives nationales du Québec (BanQ) bay lis bibliyotèk nasyonal peyi manm oswa obsèvatè Òganizasyon entènasyonal Frankofoni an. Pou ti zile vwazen nou la, Dominik, sit BanQ la presize Bibliyotèk piblik Ladominik la gen anviwon 50 000 liv.
Sa ki karakterize vèsyon nimerik LIV INIK AN KREYÒL la sitou, jan minis Nesmy Manigat anonse l avèk anpil piblisite a, se paske vèsyon sa a pa t fèt nan konsiltasyon ak pwofesè yo, ni daprè kritè yon politik nasyonal sou liv lekòl — yon politik ki pa egziste nan MENFP jiskaprezan. Epi tou, li pa antre nonplis nan okenn pwogram nasyonal pou òganize itilizasyon kreyòl la, ansanm ak franse, nan Lekòl ayisyen an. An reyalite, vèsyon nimerik la se senpman yon transpozisyon « teknik », yon kopi kole vèsyon papye liv la. Donk li pote tout feblès metodolojik, pedagojik ak didaktik vèsyon papye a, epi li pa rezoud okenn echèk ki deja pwouve nan yon LIV INIK ki egziste an 7 VÈSYON DIFERAN an, ki fèt ak 7 EDITÈ DIFERAN nan. Editè liv lekòl ann Ayiti nou te kontakte yo te byen klè sou pwen sa a : dokiman BAT (bon à tirer) yon editè voye bay enprimri a, se deja yon vèsyon dijitalize liv la. Sou plan teknik, espesyalis liv nimerik yo fè konnen li sifi pou gen yon òdinatè, yon eskanè ak yon lojisyèl adapte pou pwodui, an mwens pase yon demi jounen, yon « liv nimerik », oswa menm yon « liv nimerik anrichi » anviwon 300 paj. Nou remake klèman gen twonpri sou machandiz la lè MENFP pretann, san prèv, vèsyon nimerik LIV INIK AN KREYÒL la « ap pèmèt plizyè milye elèv defavorize gen aksè ak kontni miltimedya rich nan tout matyè obligatwa yo nan Kad Oryantasyon Kourikoulòm aktyèl la ». Pa gen okenn demonstrasyon ki fèt pou montre si vèsyon ki te prezante nan Le Nouvelliste 21 fevriye 2024 la se vrèman yon « liv nimerik anrichi » (ann anglè: « enriched ebook », « enhanced ebook ») ki, teknikman, se sèl fòm liv nimerik ki fasilite itilizasyon kontni miltimedya ki mande koneksyon Entènèt. Nou sonje byen platfòm PRATIC la, ki te lanse prese prese pandan pandemi Covid-19 pou ansèyman a distans, te fè menm pwomès la sou « kontni miltimedya rich nan tout matyè », men an reyalite se pa sa ki te fèt, paske « ekspè » UTICE (Unité de technologie de l’information et de la communication en éducation) yo te fè sèlman « kopi-kole » pwogram ak kou yo (gade atik « Le LIV INIK AN KREYÒL, version numérique, ou la permanence du bluff cosmétique au ministère de l’Éducation nationale d’Haïti », Robert Berrouët-Oriol, Médiapart, Pari, 24 fevriye 2024). Vèsyon dijital LIV INIK AN KREYÒL la, ki pretann « l ap pèmèt plizyè milye elèv defavorize gen aksè ak kontni miltimedya rich nan tout matyè obligatwa yo nan Kad Oryantasyon Kourikoulòm aktyèl la » pa t pase tès yon aplikasyon planifye, mezirab, nan sistèm edikatif nasyonal la. Li parèt tankou yon lòt « gadjèt », yon lòt zouti pwopagann, nan yon peyi kote majorite elèv yo, ki pale kreyòl kòm lang manman yo, pa gen ni òdinatè pèsonèl ni koneksyon Entènèt, ki koute tèt nèg ann Ayiti. NÒT — Sou aspè didaktik la an patikilye, gade atik nou « Le LIV INIK AN KREYÒL et la problématique des outils didactiques en langue créole dans l’École haïtienne » (Rezonòdwès, 13 dawou 2023).
Sentèz atik la – Nan atik sa a, nou mete an limyè epi nou analize prensipal faktè ki bloke òganizasyon itilizasyon kreyòl la nan sistèm edikatif nasyonal la. Sou plan enstitisyonèl, gen gwo obstak : (1) pa gen okenn politik lengwistik edikatif Leta a ; (2) fòmasyon didaktik pwofesè yo fèb anpil, epi pa gen fòmasyon espesyalize pou didaktik kreyòl kòm lang manman ; (3) malgre gwo efò editè liv lekòl yo, zouti pedagojik ak leksikografik an kreyòl yo ra epi yo sifi; (4) pa gen okenn politik nasyonal sou liv lekòl ; (5) anpil otè liv lekòl bezwen yon òtograf kreyòl ki klè, kodifye ak estandadize bò kote yon otorite syantifik yo rekonèt, tankou Fakilte Lengwistik Aplike nan Inivèsite Leta Ayiti a; (6) nivo konsiltasyon ant Ministè Edikasyon ak asosyasyon pwofesyonèl pwofesè yo rete trè ba.
Pèspektiv
Li ta enpòtan anpil pou yo mete sou pye, nan yon tan ki pa lontan, yon TAB KONSÈTASYON NASYONAL, sou inisyativ òganizasyon dwa moun yo, Fakilte lengwistik aplike, REPUH, APKA ak Fédération des Barreaux d’Haïti, pou kreye yon espas refleksyon ak pwopozisyon sou fason pou òganize itilizasyon de lang eritaj istorik nou yo, kreyòl ak franse. Nan yon lespri ouvè ak dyalòg, li ta bon pou envite ministè Edikasyon nasyonal la patisipe nan travay TAB KONSÈTASYON NASYONAL sa a.
1Rann lang lan sakre, bay li yon enpòtans san mezi.
2Yon Leta kote rantre prensipal li soti nan esplwatasyon resous natirèl.
Monreyal, 17 novanm 2025 / Premye janvye 2026
(*) Robert Berrouët-Oriol
Lengwis-tèminològ
Konseye espesyal, Konsèy nasyonal administrasyon
Regroupement des professeurs d’universités d’Haïti (REPUH)
Konseye pèmanan, Asosyasyon pwofesè kreyòl Ayiti (APKA)
Manm Komite entènasyonal pou suivi Diksyonè frankofòn yo
Monreyal, 17 novanm 2025 / Premye janvye 2026
