— Par Jean-Bernard Bayard —
Ki Lès Ki Antò?
« Yo » se mo ke Ayisyen itilize tout tan pou yo blame kèlke swa moun lan kap vòlè, sasinen, fè magouy, manti ou latriye. Depi mwen timoun, ma pe chèche konnen kilès « Yo » ye. Jodi-a mwen deside fè yon ti gade sou bagay sa-a. Ayisyen pa pale kon tout moun, « Blan » ak « Nèg » pa gen anyen pou wè ak koulè po moun lan. « Blan » se etranje, « Nèg » se moun lakay. Gade salopwi « Blan » sa-a ak figi « nwè »li ki konprann li ka roule-m! Fè atansyon ak « Nèg » sa-a, se tèt chaje li ye. Men kelke swa « Blan » ou « Nèg » ayisyen va di-w, se « Yo » ki la kòz peyi-a nan eta sa-a! Depi yon bagay bon, Ya di-w se « Mwen » ouswa se « Nou », men si yon bagay pa bon, Ya di-w se « Yo ». « Blan » Franse, « Blan » Meriken, « Blan » Alman kèlke swa, se « Yo » kape toufe-n. « Nèg » politisyen « Yo », « Nèg » boujwa « Yo », « Nèg » save « Yo », « Nèg » nanti « Yo » kèlke swa, se « Yo » kape toufounen-n. Men tou si ou mande nenpòt ayisyen, ki pa konn li, ki pa konn ekri ki sa li ta renmen fè nan la vi-l, lap di-w touche gwo kòb, gen bèl kay, gen bèl vwati, ak anpil menaj, kèlke swa fanm kou gason. Donk ki vle di, « Yo » vle tout bagay sou yon plato an « Ò » san yo pa fè anyen pou merite-l. Mwen konn yon pwovèb ki di-w, « Ou pa mete chen grangou veye manje kwizin! », ki vle di ke moun pòv ki vin gen kòb pi anraje ke boujwa, save, politisyen, nanti ou swa latriye. Ki fè nan bagay sa-a « Tout Moun » « Antò » nan mete Ayiti nan eta kote li ye-a, alò se tout moun ki pou chanje mantalité « Rèskiyè » ak « Rèstavèk « Yo », trouse manch chemiz yo ak janm pantalon yo pou travay ansanm pou peyi-a, olye ke se nan dappiyan, kraze zo, blofe, kraponnen, manti, pwente dwèt « Yo » ye!
Jean-Bernard Bayard
Gran Manjè, Gwo Ponyèt, Kriminèl, Magouyè, Asasen, Rèskiyè, Rèstavèk, Parazit, Predatè, Opresè! »
Blan tan kou Nèg fè kadejak sou Ayiti dépi li fèt en 1804. Ke se ròb ble ak rouj, nwa ak rouj, ble blan ak rouj, blan rouj ak zetwal, nwa rouj ak jòn, rouj ak jòn, blan ak kwa rouj, ble ak anblèm le mond, yo tout plimen-l san pitye, joure-l Kou langèt Manman-l, epi, ya-l chante devan tout moun « Ayiti Cheri ». Depi 18 novanm 1803, Tout Blan vin Rayi Ayiti, pandan pwòp pitit li mete-l nan bouzinaj. Ki dwa ti nèg genyen al manke gwo blan Loksidan dega, enpètinans sa yo fèt pou kabeste! Ki dwa tout blan sa yo genyen plimen Ayiti pandan 300 zan ap chire pit, pou-m pa jwen akasan pa-m ak tout siro ladan-l! Gade Abitan ki sòti nan mòn rete sou sa-w fè-a, ou goumen pou libète-w, ou pa esklav ankò, tounen al travay tè-a epi fèmen dyòl-ou espès de gwo zòtèy nèg sòt. Noumenm ki pòv nan tout lavil yo, pito nou veye zo-nou anvan nou kraze-w ak baton. Ayiti se pou gwo zotobre Nèg, Milat, Siryen, ak blan li ye, Se boujwa, nanti, ak gran don ki gen la paròl isit lan. Se soutire nou soutire lòt moun, men nou pa bay pèsonn dwa a egalite ak fratènite, ale wè pou libète! Pa janm bliye ke san manman ak san papa nou pa moun. Tout moun ki pa moun an Ayiti, sèl dwa nou genyen se travay pou elit lan san plenyen epi di mèsi bondye ke nou vivan.
JB, Scribe de la triste réalité dans la langue « Ayisyèn »
Jean-Bernard Bayard
Le Jour Du Marché
Les marchandes à pied ou à dos d’âne, en cadence descendaient des mornes avec leurs paniers de marchandises sur la tête, ou des macoutes remplis de chaque côté des montures. C’est le jour du marché, et il fallait vendre leur maigre récolte pour continuer le dur labeur de la terre, le calvaire de la paysannerie. Ces pauvres gens, depuis des générations, poursuivaient une tradition néocoloniale établie par les grands dons des élites politique, sociale, et économique depuis 1804. Pour nous enfants, ce n’était pas de l’exploitation, mais une scène rurale normale. Le Grand Marché Vallière mieux connu comme le marché en fer, à Port-au-Prince offrait à ces démunis un sanctuaire pour être abusés par les classes dirigeantes décadentes en toute impunité. Ce jour-là en particulier, Maman nous emmena avec elle en voiture de notre résidence d’été dans les hauteurs de Port-au-Prince à la basse ville commerciale de la capitale. Nous étions tous excités parce que nous connaissions beaucoup de ces marchandes de Laboule où nous étions en villégiature. Il fallait tout marchander, il était impossible d’accepter le prix des aliments. Ainsi les paysannes revenaient tard la nuit avec des paniers vides et un maigre revenu. Maman était heureuse d’avoir réalisé une bonne aubaine. Ce n’est que bien plus tard que j’ai pu comprendre l’inégalité sociale, les abus infligés aux classes démunies, et la corruption des élites. Aujourd’hui dans ma vieillesse, je porte en moi une honte collective de ma vie privilégiée quoique courte, que j’ai eue!
Jean-Bernard Bayard
Rétrospection »
Né dans une injuste avidité je suis devenu cet enfant marqué
Elevé dans une ingrate corruption je me trouve ainsi dénaturé
Retiré de cette société gangréneuse je retrouve mon humanité
J’ai Evolué dans l’enseignement j’ai pu regagner mon intégrité
Je suis arrivé dans la diaspora haïtienne de New-York en 1964
Ne parlant pas un mot d’anglais j’ai dû constamment me battre
Ma détermination mon support familial m’ont permis de croître
Ainsi je me suis bien assimilé dans ce grand monde de théatre
À la retraite je retrace alors mes soixante et un ans à l’extérieur
Dans un rétroviseur suis revenu à ma vie de l’époque antérieure
Je me demande souvent qui je serais si j’étais resté à l’intérieur
J’aimerais penser que mon exil a fait de moi un homme supérieur
1964 l’année que François Duvalier devint à vie avec le noir et rouge
Dix ans après la mort de Dumarsais Estimé en 1954 du bleu et rouge
L’année du cent cinquantième anniversaire de Vertière de sang rouge
Vive Libre Ou Mourir n’est pas la pintade africaine qui tue au pont rouge
Jean-Bernard Bayard
